Site icon Omniscient Info

10 aplikasyon ke yon anseyan ka itilize pou fè montaj videyo!

 

Mwen pa yon ekspè nan koze montaj videyo, men pafwa poum anseye mwen oblije prepare kek kapsil, mwen sonje kijan kek anseyan te gen problem lè tou de epòk peyi lòk yo pou yo te fe kek ti montaj tou piti. Eben pou ede kèk nan nou men kek apliksayon fasil mwen pote pou nou.

1- KdenLive

 

Towo sa w fasil pou itilize sak pi bèl la wa lejè paw, men kèk fonksyon wap jwenn ladan

Al telechaje li la a: Kdenlive

 

2- LIVES

Tanka pou towo sa a li menm se yon bagay ekstraòdinè, men kisal ka fè

Men kote wap ka pran  LIVES

 

3- Openshot

 

Sa a li menm mwen konsiderel tankou kiyè, pa gen okenn videyo ki ka bal chalè, men kisal peze

Telechajel la a : OPENSHOT

 

4- VidCutter li menm li pa nan bese triye, nenpòt saw ye nenpòt moun ou ye wap ka itilizel pandanw wèl premye fwa, nèspabo ?

 

Men kisa li fè

klike la a pou pran VIDCUTTER

 

5-Li tèlman fasil mwen relel tape nan sòs,

Siw klike sou non sa a SHOTCUT wap tou jwenn ni

 

6-Flowblade

Li menm li pa tro diferan de lòt yo selman ou ka edite videyo ki long long long long avèl

Klike la a pouw jwenn FLOWBLADE ni pou sèvi.

 

7-Avidemux

Non ou pafè fot, janw di an se konsa menm li rele AVIDEMUX, li menm li

Fe tout travay yo byen fasil tankou se timoun ki tan sèvi avèl

Siwa p sèvi avèl ou chanse anpil paske li vreman enstriktif, klike la AVIDEMUX siw vlel

 

8-PITIVI,

Telechaje PITIVI

 

9-BLENDER

Se preferem, mpap menm pale trop pou li, siw geyenl ou ka prepare videyo foma

 

10-NATRON

 

Siw ta gen proje travay nan konstriksyon, travay ak timoun oubyen lage nan fe ti komik se aplikasyon sa a menm ou tap chèche a

Klike sou NATRON pou telechaje li

 

Atik sa a ka toujou modifye pou chanje nan enfomasyon yo

Author

  • Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Exit mobile version