Site icon Omniscient Info

Kisa ki yon bon lekòl nan peyi Dayiti ?

____

Lè yon sosyete vle chanje, fòk sistèm edikatif li ak zouti l ap itilize yo chanje tou. Isit, Ayiti bagay yo pa fèt selon lasyans ni selon bezwen sosyete a se pou sa nou panse tout voum se do. Depi mwen antre nan edikasyon anpil paran toujou ap mandem : « Alamy, Kisa ki yon bon lekòl ? »

Dimanch premye novanm 2020 an, pandan m sou fesbouk mwen tonbe sou yon lis ;

kote mwen menm ankò mwen repoze tèt mwen menm kesyon an. Mwen mande tèt mwen tou « Kisa ki yon bon lekòl ? »  nan reflechi mwen sonje byen kisa anpil nan nou pran pou bon lekòl isit. Men kèk pwen kle kèk paran pap manke pou yo di w pitit yo nan yon bon lekòl

Lis la te ka pi long, men w ap jwenn 3 nan sa yo kan menm paran an ap di w pou montre w pitit li nan yon bon lekòl.

Epoutan, yon bon lekòl se yon lekòl ki ouvè sou tout moun epi ki kite plas pou tout moun kèlkeswa kouch sosyal li, li aprann bagay ki ka rann li pi imen, pi pwodiktif epi konekte l plis ak kilti, koutim epi mès li. Bon Lekòl pa nan bat oubyen maltrete pou aprenan li ak ekri; se yon Lekòl ki gen yon modèl pedagoji ouvè, kote chak aprenan ka asime responsabilite yo epi jwe wòl yo tou etanke sitwayen. Bon Lekòl la chita sou kisa sosyete a bezwen epitou kijan n ap rive mete tout aprenan yo sou menm pye legalite. Bon, mwen fè yon lis ki gen ladan li 32 pwen kle ki ka ede w idantifye sa nou ka rele bon lekòl nan kominote ou.

 

Atik sa a se yon travay rechech syantifik li ka toujou modifye nenpòt kilè pou pote plis enfòmasyon

 

A suivre !

 

 

[1] Facebook.

Author

  • Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Exit mobile version