Si Dener CEIDE, pase de prezantasyon nan zafè konpoze mizik ki “Hit” pou anpil gwoup konpa nan EMA (Endistri Mizik Ayisyen) depi plis pase 10 dènye ane sa yo…piblik lan pa twò konnen li kòm chantè. Men sa, se pa yon pwoblèm. Paske, Dener gen avèl, youn nan pi gwo vokal konpa a genyen ki se Réginald CANGÉ. Dayè tout moun dakò sou sa.
Men poukisa yon gwoup kap fè mizik enterese yon media tankou Omniscient, ki li menm gen rapò ak Edikasyon?
Eh byen, depi lè gwoup ZAFÈM sòti nouvo albòm li an ki rele LAS ( Lalin Ak Solèy) nan dat ki te 5 me 2023 a, pwodiksyon sa resevwa bon akèy de piblik la. prèske tout gwoup ak chantè EMA Endistri Mizik Ayisyen an ki gen ti non HMI ( Haitian Music Industry) te salye gwo travay Zafèm nan tout nivo. melodi, anrajman ak pwofondè tèks yo. Selon anpil gwo kritik nan zafè mizik ak literati, ZAFÈM rive rekonsilye zantray nou, kilte nou ak rit konpa a nan yon melanj espirityalite ak enèji ki travèsè chak ayisyen.
Depi premye jou, premye entèvyou Reginald ak Dener bay … yon sèl kesyon k ap poze, ” kilè piblik la ap gen chans wè ZAFÈM live? “. Tout Moun te swaf ZAFÈM. Nan dat ki te 8 jiyè a nan Lakou NouYòk (NYC) nan peyi Etazini, ZAFÈM te bay premye konsè li. Plizyè milyon Moun, ayisyen kou etranje anndan tankou deyò peyi a swiv prestasyon mizikal sa Anliy (sou entènèt la) ak an prezansyèl pou sila yo ki te gen chans patisipe (al nan bal la).
Reyaksyon ak konpliman fè kenken sou tout rezo sosyo. Se nan menm sans sa , nan menm efori sa, Minis Edikasyon Nasyonal Peyi Dayiti a, Pwòf, Nesmy Manigat te kontan ekri sou tout rezo sosyal li … ” ane sa a li posib pou tèks ZAFÈM soti nan egzamen leta…”
« SE AN #KREYÒL ENÈJI NOU SANBLE ! Pa sezi si yon tèks Zafem sòti nan egzamen ofisyèl literati Kreyòl nan nouvo segondè a nan bakaloreya 2023, menm jan sa deja fèt ak Bic Tizon Dife #Maurice_Sixto #Frank_Etienne…. Se pa sèlman pawòl minis la, se pawòl mizisyen an tou. Zafem montre Ayisyen vibre ansanm pi byen an kreyòl, epi rakonte vi yo e konprann istwa yo pi byen an kreyòl. #ALASO ak yon lekòl miltilang: Kreyòl, Anglè, Espanyòl, Franse », se tèks sa a Minis la te ekri sou paj rezo sosyal li…”
Aprè ekip pèdagojik Omniscient fini tande tout mizik sou albòm LAS la, api analize chak tèks yo, li sòti ak 3 tèks sa yo. Sa vle di gen anpil posibilite pou se youn oubyen tou le 3 tèks sa yo ki sòti nan egzamen ane sa a, ann espere tout elèv nou yo reyisi pase tout egzamen yo.
Menm si anpil bon tèks nan mizik konpa a poko rantre nan lekòl nou yo, men tout moun ap dakò ke mizik la patisipe nan fè edikasyon popilè chak grenn Ayisyen. Tankou mizik Zenglen, Klass, Tabou Combo, Djakout, T-Vice, BIC elatriye.
Si w mande n kote m te ye Map di w mwen te la m tap gade M t ap gade ale yo
M pap fè silans lè m son w via k pou chante M pap tann balèn etenn pou m al fè penitans Se pandan m ap viv mwen anvi Pou m profite bay pèp plezi Si gon erè k te fèt m korije l
Mwen toutou kontan tande lèzòm k ap di mikwo pa m nan pèsòn moun pa ka etenn li Gen koze k ka fon w nonm fremi M trè rekonesan ak lavi M ap boula sous misyon m fini
Gon w banm bèl melodi k polo chante Gon w bann lòt bèl sijè pou al devlope Je m klè pouki n di m ap dòmi Pè las la l ap travay pi di Pou yon nosyon ki fin degringole douvan n
Si w mande n kote m te ye Map di w mwen te la m tap gade M t ap gade ale yo
Si w mande n kote m te ye Map di w mwen te la m tap gade M t ap gade ale yo
Sa m obsève fè mwen ka pale konsa Yon pakèt jèn serye talan yo ka klere tout kote Pi fò nan yo y ap gade sou sa ki sot laba Pouts m wè etranje fin anvayi zile ya
Si w mande n kote m te ye Map di w mwen te la m tap gade M t ap gade ale yo
Si w mande n kote m te ye Map di w mwen te la m tap gade M t ap gade ale yo
E si tout fwa gen nan nou k ta bliye sa Peyi sa gen listwa l yon patrimwan Ki fè l sa l ye sa Si jodiya n devye nou ka korije sa Gen lòt je k ap gade ann evite plis dega
Gen lòt je k ap gade Gen lòt je k ap gade Gen lòt je k ap gade Gen lòt je k ap gade Gen lòt je k ap gade Gen lòt je k ap gade gade gade gade gade
Pa chèche byen lwen byen lwen byen lwen Ayiti plen richès toujou li enspire lanmou lanmou
Port salut Jeremie Nou pral okay Saint Louis du Sud Nou sot Jakmèl Lewogan nou pase gresye n chita kafou La citadelle
Pa chèche byen lwen byen lwen byen lwen Ayiti plen richès toujou li enspire lanmou lanmou
La nan ti peyi sa Lakayan lakayan nou
Peyanm gen kongo Peyanm gen petwo Respekte laviya nan Peyi ya Kiskeya ou Boyo Lòtbò gen rit pa yo ak indantite yo Respekte lavi ya nan peyi ya Kiskeya ou Boyo
Sonje yo pa bliye yo Ba yo lavi souple Ba yo lavi souple Gade yo pa inyore yo Yo anvi viv tande Ba yo lavi souple
De ti pawòl mwen twouve k nesesè Mwen pa vin pou m kondane Pito se le kontrè Se yon okazyon pou raple n lesansyel Si nou neglije pran swen timoun yo Demen na wè l
Sonje yo pa bliye yo Ba yo lavi souple Ba yo lavi souple Gade yo pa inyore yo Yo anvi viv tande Ba yo lavi souple
Yon gro kout chapo pou paran k konn dwa yo E pou sila ki abandone wout la nan devwa yo Se yon okazyon pou raple lesansyèl Si nou neglije pran swen timoun yo Demen na wè l demen n va wè l
M tande vwa k ap rele K ap kriye byen fò di ase
Nou vle nou vle Mande n mande Pwoteje n renmen n jan nou merite
Nou vle nou vle Mande n mande Pwoteje n renmen n jan nou merite
Yon bann inosan Yo fèt tou entelijan Si te gen mwayen k ta ka vin gran komandan Granmoun a dizan Pran responsablite paran Fè yo tonbe vann kò anatandan Poko gen lot opsyon Grangou ap bay presyon
Nou vle nou vle Mande n mande Nou vle nou vle Mande n mande Pwoteje n renmen n jan nou merite
Lè w desann avyon an Rale dola rale papye Fò w gen anpil fyèl pou di w pap separe
M’wè sa nan tout Cité Menm nan Fò Libète Se menm bagay la m wè Burkinabe Gad dyaman nan bidonvil Grangou ap bay presyon
Nesesite timoun yo Son w chay lou k mare nan kou n Ki fèk kare jennenn si n Pa demele n aji an granmoun
Bay la konesans ka defye tout inyorans Se pa nan lari anba bouch brigan pou yal aprann Bese brase
Men non se pa konsa pa konsa Men non se pa konsa pa konsa Men non se pa konsa pa konsa Men non se pa konsa pa konsa
Nesesite timoun yo Son w chay lou k mare nan kou n Ki fèk kare jennenn si n Pa demele n aji an granmoun
Bay la konesans ka defye tout inyorans Se pa nan lari an ba bouch brigan pou yal aprann Bese brase
Men non se pa konsa pa konsa Men non se pa konsa pa konsa Men non se pa konsa pa konsa Men non se pa konsa pa konsa
Ou pa gen kouraj pou wè lòt la fè l Ni ou pa janmen genyen fyèl pou pa fè l Si yon jou l deside li di se jou pa l Ou gentan jwenn tout jouman pou ba l Fanm ak gason gen men bezwen egal ego Fok nou sispann jwe bosal
Cheri mwen dekouvri w Men mwen fèmen je m pa banm manti You’re free to do you baby There’s a price to pay Si w banm manti
Si w bay nan pa m nan Se pa w aksidan Mwen pa vle teyat M gen bon entwisyon Ou fè l plizyè fwa Se pa w revelasyon Si w kontinye fè fo pa W ap jwenn pinisyon Ou kay tonbe nan bra yon vagabon
Cheri mwen dekouvri w Men mwen fèmen je m pa banm manti You’re free to do you baby There’s a price to pay Si w banm manti
Si w bay nan pa m nan Se pa w aksidan Mwen pa vle teyat M gen bon entwisyon Ou fè l plizyè fwa Se pa w revelasyon Si w kontinue fè fo pa W ap jwenn pinisyon Ou kay tonbe nan pèlen yon vagabon
Ak sa m wè la kot respè m nan ye E e m ap mande w Ak sa m wè lsou ki bit mwen kanpe E e louvri je w
Tout fanm ak nonm mese ak medam yo egal ego Tout sa yon nonm ka fè medam yo kapab fè Menm fè l pi byen fo n pa jan minimize yo
Tout fanm ak nonm mese ak medam yo egal ego Tout sa yon nonm ka fè medam yo kapab fè Menm fè l pi byen fo n pa jan minimize yo
__________________
Nan moman nou ap ekri atik sa a nou profite re tande ak apresye chak pawòl, chak son ak chak aranjman.
Bon modèl mizik sa yo pwouve yon lòt fwa ankò, anpil nan atis nou yo byen edike pou ede popilasyon an kite yon bèl eritaj. Nou pwofite voye yon mesaj pou sila ki ap itilize vwa yo ak popilarite yo pou mennen lajenès la nan banbòch, pou yo konnen ak konprann popilarite pa vini san responsabilite.
Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0