Accueil ACTUALITÉS Ennery rouvre son école professionnelle pour les jeunes dès la rentrée de septembre 2022

Ennery rouvre son école professionnelle pour les jeunes dès la rentrée de septembre 2022

20 minutes de lecture

Nan kad ribrik ki rele « Coup de Projecteur » a, ekip Omniscient info an pote pou nou yon pwojè lekol pwofesyonèl ki ta dwe relouvri pòt li nan komin Enri nan depatman latibonit. Lekòl sa fome deja anpil jèn ki se gwo pwofesyonèl jounen jodi a.

Dans la  rubrique « Coup de Projecteur »nous avons le plaisir de vous présenter un projet de réouverture d’une école professionnelle dans la commune d’Ennery du département de l’Artibonite, qui jadis, a formé bon nombreux de jeunes, et qui sont aujourd’hui, des professionnels confirmés.


1.Omniscient Info :  Bonjou Mouche Adens Pierre, ou nan tèt yon komisyon ki gen pou misyon relouvri lekol pwofesyonèl Ennery a. se yon bèl pwojè. Men,pou n koumanse,  eske w ka prezante nou lekol pwofesyonèl sa ? Bonjour Monsieur Adens Pierre, vous êtes à la tête de la commission chargée de la réouverture de l’école professionnelle d’Ennery. Un projet ambitieux.  D’abord, pouvez-vous nous présenter cette école professionnelle ?

Adens PIERRE : Lekòl Pwofesyonèl Enri (EPE)  se yon lekòl prive ki te louvri nan komin Ènri nan lane 2000, sou non Atelye lekòl Pwofesyonèl ènri, nan kad pwogram devlopman otonòm Ènri (PRODEVA) ki te jwenn finansman yon bayè entènasyonal poul te fòme jèn nan domèn mekanik ak soudi, apre anviwon 11 lane ap sèvi kominote a lekòl sa a ta pral fè fayit epi tou fèmen pòt li sou sila yo li tap pran fòmasyon. konsa apre 10 lane fèmen otorite lokal yo nan lane 2020 apre anpil demach yo antreprann bò kote responsab PRODEVA yo pou yo relouvri lekòl la, men, elas!!! moun PRODEVA yo pat enterese ak koze louvri lekòl la ni reponn otorite yo, otorite yo deklare lekòl la ditilite piblik nan lane 2022 a. Selon otorite yo, EPE ta dwe fonksyone nan bon jan patenarya piblik-prive pou garanti li rete lontan nan kominote a.

 

2- Omniscient info: Eske ou ka pale nou plis de aksyon PRODEVA nan Enri ? Pouvez-vous dire un peu plus sur les actions de PRODEVA à Ennery ?

PRODEVA kreye nan lane 1993, janm te di anvan, se te yo pwogram ki te vize devlopman otonòm komin Enri. Rapidman, li pral pase de pwogram a yon òganizasyon karitativ kap travay nan devlopman otonom komin aprè ke ONG INTER AIDE (France) kite Enri 1985 te ale. Aksyon li yo te konn fèt nan domèn edikasyon (lekòl primè ak segondè) ki toujou egsiste , yo gen 10 nan tout komin nan; Nan domèn fòmasyon (Lekol pwofesyonèl) ; nan agrikilti ak idrilik, nan domèn anviwonman, nan sante eskolè epi li te gen sant fomasyon kominotè ka fòme ak kominite yo nan plizyè domèn ki gen rapò ak pwogram li yo. Antouka PRODEVA gen gwo merite nan zafe lekòl nan Enri. Lekol li yo fè pati de pi bon yo, tankou Kolèj PRODEVA.

  1. Omniscient Info : Kiyès ki Adens Pierre menm ? Qui est Adens PIERRE alors ?

Adens PIERRE : Adens PIERRE est un fils hautement légitime de la cité Louverturienne, né à Ennery dans les années 90 par deux (2) honnêtes et paisibles habitants à savoir ; monsieur Arnold PIERRE un brillant Maçon (bòs mason) de son état et madame Saintana Valcin, Commerçante. J’ai fait mes études classiques dans trois établissements scolaires de ladite commune. Tout d’abord,  du prescolaire à la troisième année fondamentale à l’école Bethléem d’Ennery puis de la quatrième année à la sixième année fondamentale  à l’école nationale Toussaint Louverture d’Ennery avant d’aller au lycée Toussaint L’ouverture de la même zone pour le reste du cycle fondamental et le secondaire.

Toujours brillant élève tant dans les salles de classe qu’ailleurs, j’ai occupé la fonction de président du comité central du lycée dans les années 2009-2010 avant de me rendre à Port-au-Prince  au cours de cette même année pour mes études universitaires en sciences du développement. À noter que durant mon passage à Port-au-Prince, j’ai pris des cours intensifs en communication sociale puis entrepreneuriat.

De retour aux Gonaïves en 2014,  j’ai entamé des études de Droit où  je suis sorti licencié. Aujourd’hui,  je suis Avocat au barreau de Saint-Marc. Après plusieurs rencontres, la mairie d’Ennery a créé une commission provisoire de gestion de l’EPE dont je suis le président. Un autre challenge professionnel pour moi.

4.Omniscient Info :  Nan ki domèn Lekòl pwofesyonèl la (EPE) ap pral bay fomasyon ? Quelles sont les filières de formation cette école professionnelle ?

Adens PIERRE :  Filyè nap fòme moun yo , se de filyè ki idantifye nan rejyon kòm enpotan epi ki gen anpil avni ekonomik.  Men non ak tout dire yo : EPE gen :

  • Mécanique Générale (2 ans)
  • Construction Bâtiment (2 ans)
  • Couture (2 ans)
  • Informatique bureaucratique (6mois)
  • Carrelage ( 6 mois)
  • Plomberie (6 mois)
  • Électricité ( 6 mois)
  • Soudure ( 12 mois)
  • Installation Panneau solaire (6 mois)
  • Dépannage Téléphone (Séminaire)
  • Cuisine ( Séminaire)
  • Maquillage (4 mois)
  • Décoration événementielle (6 mois)
  • Animation et présentation radio télé (12 mois)
  • Tresses africaines ( 3 mois)
  • Technique Windows (6 mois)
  • Sérigraphie ( 6 mois)

Parapò ak demann mache a nou ka konkli poun di aktyèlman tout domèn nou bay yo se metye kap fasilite aprenan yo sèvi tèt yo, kominote yo ak peyi a nan tan kap vini yo paske fòmasyon yo estandadize epi rekonèt pa otorite kap jere dosye fomasyon nan peyi a.

5.Omniscient Info : Ban nou kèk enfòmasyon sou tan fomasyon sa yo ka pran, ekip pwofesè lekòl la ak dosye rekonesans lekòl la pa leta ? Donnez-nous quelques informations sur la durée des formations, le staff enseignants et surtout sur votre reconnaissance par l’INFP, organe régulateur de ce sous-secteur.

Adens PIERRE :  Dire fòmasyon yo depan de opsyon aprenan an chwazi a paske yo varye. Kou kap dire plis tan yo ap 2 lane epi sila a kap mwens tan an ap 4 mwa. Pou sa ki konsène estaf anseyan an se yon seri profesyonèl kalifye nou triye pami pi bon yo.

Lekòl la avan lameri te deklarel ditilite piblik, li te gentan rekoni pa Enstans fòmasyon pwofesyonèl leta (INFP). Nou ka konkli poun di ke leta atravè INFP konnen egzistans lekòl la ak nivo legalite lalwa mande.

6.Omniscient Info : Ki rapò otorite nan bouk Dendri gen ak pwojè lekòl pwofesyonèl pou fome jèn yo ?  Quelle est l’implication des autorités locales et nationale dans ce projet de formation des jeunes à Ennery ?

Adens PIERRE : Pou mwen onèt ak ou,  inisyativ louvri lekòl la se projè otorite lokal yo, sof ke nan lide pou te ekatel de yon konteks politik, obsèvatè yo ta ka bal yo nonmen yon komisyon jesyon pou jerel, men malgre fèb mwayen yo  chak jou ki pase yo pa sispann pale ak komisyon a pou konnen ki estrateji nou pral mete anbral pou jwenn mwayen finansye pou lekòl la mache. Pou otorite yo nan nivo nasyonal nou poko ka tire yon konklizyon sou enplikasyon yo nan projè a piske yo poko touche vrèman pa li, men nou konfyan yon fwa nou apwoche yo 2 bwa yo deja louvri ap tann yo paske egzekisyon projè a antre nan kad misyon leta a. fome jèn. Nan nivo lokal, se tout yon kominote kap tann lekol la louvri pot ankò, sitou konpatriyòt nou yo (moun Ennery) ki nan diaspora a.

7.Omniscient Info : Ki vizyon manm komisyon lekòl (EPE) la genyen pou li ? Quelle est la vision des membres de la commission pour l’école professionnelle ?

Adens PIERRE : nou gen gro vizyon pou EPE. Premyeman, tout manm komisyon  an reve bay yon fòmasyon de kalite ak yon maksimòm moun posib nan peyi a, dezyèman, nou ap lite pou fòmasyon nap bay la estanda parapò ak nòm entènasyonal yo epi pou nou fini, nou vle fòme jèn fi ak jèn gason nan plizyè domèn pou al travay rapid rapid nan peyi a (Haïti) ak tout lòt kote kap rekrite profesyonèl kalifye nan lemond antye.

8.Omniscient Info :  Ki konsèy ou genyen pou jèn nan peyi a, espasyalman sila yo kap viv nan latibonit, pou n fini ? Vos conseils en guise de dernier mot aux jeunes du pays spécialement de l’Artibonite ?

Adens PIERRE : Konsèy mwen an ap senp epi klè: « Se pou chak jèn ki vle viv lib epi ak diyite pandan tout lavi yo chache aprann yon metye depi jodi a, menm anvan laj mare pye yo… »


Tout ekip Omniscient Info a remesye ou anpil pou tibat bouch sa nou te fè ansanm.

L’equipe d’Omniscient Info vous remercie pour votre disponibilité.

__________________

Propos recueillis par : Alamy JEAN-PIERE, Rédacteur et Manager de Omniscient

Interview accordée par : Me. Adens PIERRE, Avocat et président de la commission de gestion de l’EPE

Omniscient Info © Juillet 2022

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans ACTUALITÉS
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …