Accueil ACTUALITÉS Kèk metye ki pwal disparèt…

Kèk metye ki pwal disparèt…

21 minutes de lecture

Jodi a plis moun ale nan inivèsite, plis moun ap eseye aprann yon metye pou avni yo, men anpil ladan yo pa gade kiyès nan metye sa yo ki ka ede yo plis epi ki avni metye yo, se pou sa mwen enterese mete limyè pou nou sou kèk metye ki pa lwen disparèt epi gen zouti ki pwal vini si ou pa itilize yo, menm ou menm w ap disparèt etanke pwofesyonèl.

Yon metye se sa nou rele pafwa yon pwofesyon, se yon aktivite yon moun pratike pou li ka viv, pou li fè lajan. Isit Ayiti yon moun ki pratike anpil bagay an menm tan yo rele l  toutis, yon lòt bò si ou pa byen fè travay la yo rele ou machòkèt. Pèsonèlman mwen pa konnen okenn metye se sèl ayisyen ki pratike li nan monn la, se pou sa mwen wè li enpotan pou mwen mete aksan sou kalite metye ki gen pou disparèt sitou sa nous pratike anpil an Ayiti yo.

Jan teknoloji a ap evolye jodi a bay anpil avantaj, sitou nan zafè sante, biyolooji ak edikasyon pou m site 3 sa yo sèlman, men se pa sèl bon bagay li pote, li gen ti kote fènwa li tou, sitou nan fè disparèt kèk metye oubyen pwofesyon anpil nan nou pratike. Dayè McKinsey,   deja fè yon etid sou sa kote li demontre 40% travay nan mond lan deja enfòmatize, kounya sa fè se wobo ak entelijans atifisyèl ki fè yon pakèt travay moun te konn fè, yon lòt bò 2 chèchè nan inivesite Oxford, Carl Benedict Frey et Michaël Osborne di gen 47% nan anpil metye ki pwal enfomatize, yo te menm fè yon lis ki gen ladan 702 metye, sitou sa moun plis etidye nan monn lan, nan lis metye sa yo 90% ladan yo gen anpil chans pou machin (Wobo – Entèlijans atifisyèl) ranplase moun ki fè yo.

Lis metye sa yo se metye ki p ap pran anpil tan pou yo disparèt

1-  Famasyen, anpil famasi nan kèk peyi gen yon sistèm ki rele ROWA, nan lang anglè yo rele li ARX se yon wobo, travay  li se  ale chèche medikaman an pou ou lè ou ba li eskane preskripsyon an, konsa li sevi plis moun an menm tan, fè mwens erè nan li medikaman, epi li ede jere estòk la tou, sizoka medikaman an preske fini sistèm li ap alète jeran famasi ak ak founisè a pou di yo sa, li tou fè estatistik tou ki kalite medikaman yo achte plis, ki medikaman ki pi chè kiyes ki pi bon mache, dayè y ap travay sou vesyon pou li klase medikaman yo pa tip maladi moun soufri. Mpa kache diw, ak yon kalite wobo konsa anpil famasi ap oblije revoke kèk famasyen ki te konn jwe yon seri wòl anndan an.

2- Resepsyonis gen yon gwoup ki rele Nippon Hitachi ki kreye yon wobo, ki ka konprann epi analize reyaksyon ou pou li reponn ou selon sa ou bezwen an, pou kounya a wobo se èd li bay men li ka fe anpil lòt bagay etanke resepsyonis.

 

3- Doktè, nan kèk ane ou ka sezi wè gen anpil espesyalite nan medsin nan ki disparèt, dayè gen anpil kaptè ki deja devlope, yo enplante yo nan yon pati nan kò moun ki malad  la konsa sa pemèt medsen tretan oubyen lopital gen kontwòl malad sa a 7/24. Dayè rive yon lè se machin ki pwal opere moun sitou pou gwo operasyon ki mande anpil konantrasyon yo. Si ou gen dout lyen sa a ap edew dekouvri yon kabine telemedsin ki deja pare pou diagnostike moun. Yon lòt bò gen wobo imanoyid ki gentan pran plas pou gadò timoun epi veye moun ki malad.

4- Ajan sekirite, dayè depi kèk ane se kamera ki ranplase de je ajan sekirite yo, kounya anpil kote wale ou jwenn gen kamera, eben gen yon konpayi ameriken ki rele Knightscope ki kreye yon wobo K5, wobo sila ka deplase pou kont li, li gen yon kamera 360 degre, menm lannwit li ka li plat machin, wobo sa a menm ekipe pou li rele lapolis si li remake yon danje, mwen pèsonelman mwen panse yon wobo konsa tap ede leta ayisyen sitou nan sa ki gen a wè ak sikilasyon. imajine si wobo a ka li plak, li ka detekte si machin nan gen zam ladan epi rive konekte nan baz done pou verifye kiyès ki met machin sa a epi voye enfòmasyon sa yo bay patwouy polis ki pi pre a.

 

 

 

5-Jounalis, mwen se pa de renmen mwen renmen fè rechèch epi ekri atik, eben Forbes Magazine gentan kòmanse itilize kèk Bots enfomatik pou li ekri atik, konsa li vin pi fasil pou gen done fyab, tankou ki videyo yo plis gade sou youtube, oubyen ki atik moun plis li sou entènèt la. Si ou poko gade FIM ” DO YOU LOVE ” an, mwen konseye ou gadel paske Cleverbot yon entelijan atifisyèl ki ekri fim sa a.

6- Pwofese, poum onèt avèw yon profesè pap janm ka disparèt nan yon klas, men wòl li pwal konplètman chanje oubyen li pwal jwe vre wòl li ki ap senpleman yon gid, yon moun k ap ede rezoud yon pwoblèm imedya petèt, chak jou ki pase ap gen plis aplikasyon pou moun aprann, epi menm aplikasyon sa yo ap vin pi pèfòman, anpil nan aplikasyon sa yo trè bon, tankou yon moun kap aprann lang pa egzanp, gen aplikasyon ki ap edew soti nan pi ba nivo  a pou ka atenn pi wo nivo a. dayè menm gen linèt, ak kas ki ka tradui lapoula sa yon moun diw nan yon lang etranje, anpil nan aplikasyon sa yo byen adapte ak bezwen sa timoun yo bezwen, menm gen aplikasyon espesyal pou ede kimoun ki soufri twoub aprantisaj. gras ak aplikasyon sa yo yon pwofesè se ap yon senp eleman nan pwosesis anseyman aprantisaj la.

 

7- Bibliotekè, moun sa yo se tankou zanj yo ye, lè ou rive nan yon bibliotèk akèy yo, souri yo fèw anvi li tout liv ki anndan, travay moun sa yo se edew jwenn liv ou bezwen an pi vit, epi toujou aranje liv yo nan sans lektè yo, men depi kèk tan anpil bibliotek komanse nimerize tout liv yo genyen, konsa pandanw lakay ou sou kabann ou devan laptòp ou wap ka chèche, jwenn ak li nenpot liv ou bezwen an.

8-  Asistant jiridik, jodi a gen òdinatè pou eskane tout dosye yo epi algoritm pou fè rechèch epi klase tout dosye sa yo, ak yon senp klik avoka a ap jwenn tout dosye tout atik li ta bezwen pou ede li sili pwal plede a yon dosye, dayè gen yon aplikasyon IBM WATSON ki deja ap itilize nan anpil gwo kabinè nan mond la, gen yon lòt aplikasyon ankò yon konpayi fransè devlope ki rele Julie Desk  li menm li ka pran ak bay randevou pou kont li, voye imèl epi konfime randevou yo selon sa li gen nan agenda li.

9-Kontab, nan sa ki gen a wè ak matematik okenn imen paka oze konpare li ak yon machin, depi 2014 Financial Times te revele ke Baker Hugues et Shell deja pare pou yo deplwaye yon entelijans atifisyèl ki rele amelia pou travay nan plas kontab yo.

10- Koutiryè (bos tayè), kiyès nan nou ki poko fè yon move san ak yon bos tayè? mwen lè m te piti sitou nan peryòd lekòl pwal ouvri sete toujou yon tèt chaje pou bòs la baw yon inifòm nan dat lite pwomèt ou li a, eben gen yon konpayi fransè ki kreye yon machin ki rele Vector rive fè 20 chemiz nan 1 èd tan.

Gen yon rapò ki soti an 2018 ki rele Future of Jobs 2018, nan lane 2022 ap gen 75 milyon travay k ap disparèt, men sa pa vle di p ap gen lòt paske menm etid sa a tou di ap gen 130 milyon lòt ki kreye gras ak teknoloji a se pou sa mwen ap konseye ou fè rechèch avan ou aprann yon nouvo metye konsa sa ap ede ou byen planifye avniw. Nan prochen atik la map mete limyè sou nouvo metye wap ka aprann byen vit, epi ki ap ba w anpil lajan pou mete nan pòch ou.

 

Lòt referans ou ka li:

Kredi foto :

  • Foto pou paj kouvèti atik la se sit 7×7

  • Foto ki anndan atik la se google

  • Videyo ki nan lyen yo se facebook ak youtube

Atik sa a se rezilta yon pakèt travay ki fèt deja ki readapte epi ki fèt nan kreyòl ayisyen. Si done yo chanje selon lòt rechèch anpil enfòmasyon nan atik sa a ka chanje oubyen nou ka ekri yon lòt atik pou mete sa a ajou.

Telechaje aplikasyon Omniscient Info a pou nou rete konekte ak resevwa tout nouvèl yo an premye: DOWNLOAD

Recevoir l'article le plus consulté directement dans votre boite mail

Ne vous inquietez pas pour les spams

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans ACTUALITÉS
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …