Accueil GOUVERNANCE Système éducatif Kisa ki yon bon lekòl nan peyi Dayiti ?

Kisa ki yon bon lekòl nan peyi Dayiti ?

18 minutes de lecture

____

Lè yon sosyete vle chanje, fòk sistèm edikatif li ak zouti l ap itilize yo chanje tou. Isit, Ayiti bagay yo pa fèt selon lasyans ni selon bezwen sosyete a se pou sa nou panse tout voum se do. Depi mwen antre nan edikasyon anpil paran toujou ap mandem : « Alamy, Kisa ki yon bon lekòl ? »

Dimanch premye novanm 2020 an, pandan m sou fesbouk mwen tonbe sou yon lis ;

kote mwen menm ankò mwen repoze tèt mwen menm kesyon an. Mwen mande tèt mwen tou « Kisa ki yon bon lekòl ? »  nan reflechi mwen sonje byen kisa anpil nan nou pran pou bon lekòl isit. Men kèk pwen kle kèk paran pap manke pou yo di w pitit yo nan yon bon lekòl

  • Se yon lekòl katolik, anpil se kay pè oubyen mè entèl ;
  • lekòl sa a gen yon bèl inifòm;
  • lekòl sa a peye chè ;
  • lekòl sa a bay timoun yo anpil leson, ak anpil devwa pou yo fè epi chak jou gen resitasyon;
  • lekòl sa bat timoun, si yo pa etidye ;
  • Lekòl sa gen gwo pwofesè ;

Lis la te ka pi long, men w ap jwenn 3 nan sa yo kan menm paran an ap di w pou montre w pitit li nan yon bon lekòl.

Epoutan, yon bon lekòl se yon lekòl ki ouvè sou tout moun epi ki kite plas pou tout moun kèlkeswa kouch sosyal li, li aprann bagay ki ka rann li pi imen, pi pwodiktif epi konekte l plis ak kilti, koutim epi mès li. Bon Lekòl pa nan bat oubyen maltrete pou aprenan li ak ekri; se yon Lekòl ki gen yon modèl pedagoji ouvè, kote chak aprenan ka asime responsabilite yo epi jwe wòl yo tou etanke sitwayen. Bon Lekòl la chita sou kisa sosyete a bezwen epitou kijan n ap rive mete tout aprenan yo sou menm pye legalite. Bon, mwen fè yon lis ki gen ladan li 32 pwen kle ki ka ede w idantifye sa nou ka rele bon lekòl nan kominote ou.

  • Yon bon lekòl pote chanjman reyèl nan kominote kote l ye, chanjman tout moun ka wè a klè ;
  • Yon bon lekòl gen mwayen poul adapte byen vit ak tout chanjman sosyal ;
  • Yon bon lekòl itilize pratikan tout sa l genyen kòm resous pou l de aprenan li yo grandi, li bay timoun yo anpil avantaj ak opòtinite ;
  • Yon bon lekòl rekonèt vit lè l echwe, konsa li pare pou l itilize resous mond lan mete la, pou li, pou l chanje epi pote bon rezilta ;
  • Yon bon lekòl pa chita sou kijan egzamen, men li mete bon baz pou timoun yo li, ekri byen nan lang manman yo ;
  • Nan yon bon lekòl se lang kominote a, zòn nan ak fanmi an timoun yo itilize pou yo aprann tout bon bagay k ap itil kominote y ap evolye a ;
  • Bon lekòl yo konekte ak lòt lekòl, òganizasyon pou ede yo reyisi ; yo menm tou epi avanse men nan men pou gen plis rezilta pou peyi a ;
  • Bon lekòl devlope kiryozite, sans kritik ak lespri patriyòt lakay tout elèv li ;
  • Nan yon bon lekòl kèlkeswa ran sosyal ou, fanmi w ak kote w sòti ou santi w fyè pou aprann ladan ;
  • Yon bon lekòl konnen kisa ki yon move lide oubyen kilè yo mal itilize li yon bon lide ;
  • Nan bon lekòl yo anseyan yo gen fòmasyon espesyal sou kijan pou yo devlope tèt yo pi plis chak jou epi vin pi pèfòman ;
  • Yon bon lekòl se yon lekòl otantik ak transparan, li pa nan bay manti nan fè fo reklam pou twonpe moun ;
  • Nan yon bon lekòl, paran, elev, profese ak estaf k ap jere lekòl la se ajan devlopman epi yo enplike nan lavi politik peyi a ;
  • Yo bon lekòl pa la pou boure tèt ou ak yon pakèt matyè san sans, bagay ou p ap janm itilize nan lavi chak jou ou ;
  • Yon bon lekòl chase move pratik kiltirèl ki fè moun gade lòt sou aparans akoz sèks, relijyon, chwa politik oubyen koulè po li ;
  • Nan yon bon lekòl okenn timoun pa etidye istwa li nan yon lang li pa konprann, li pa etidye jewografi lòt peyi avan li metrize tout detay nan jewografi peyi li ak zòn kote peyi li ye ;
  • Yon timoun ki nan yon bon lekòl konn renmen san li pa oblije gade fòm tèt ou, li konn kritike epi apresye bon bagay menm si l pa dakò ak li, li pwoteje pi piti pase l, li enspire lòt moun, moun fèl konfyans, li gen sans pou l kreye bon bagay kap itil kominote li ;
  • Bon lekòl yo toujou gen ti pwoblèm paske bon elèv yo kreyatif, yo ka avanse san yo pa tounen yon andikap epi timoun sa yo fè parèt yon seri chanjman ki pat menm ko rantre nan pwogram lekòl la ;
  • Yon bon lekòl bay timoun yo bon zouti pou yo poze bon kesyon k ap bon pou tout moun, yo enterese anpil ak kilti peyi yo, men yo plis kirye nan tout bagay, yo poze anpil kesyon sou ki kalite eritaj y ap jwenn epi yo menm tou y ap kite demen ;
  • Bon lekòl la ap ede elèv la konprann byen poukisa peyi li a jan l ye a, kijan sa fè rive, poukisa ras li a konsa epi l ap ede li mete tout bagay sa yo nan yon kontèks sosyal klè avan li antre li nan kontèks mondyal la ;
  • Yon bon lekòl sansib pou nivo chak timoun, epi li vle pou tout gen bon nivo ;
  • Yon bon lekòl pa ka pa gen yon bibliyotèk ak yon biblyotekè ki remen elèv yo, ki renmen li, ki renmen liv epi ki gen yon bon nivo nan kilti jeneral ;
  • Yon bon lekòl pa fouti pa gen yon laboratwa ki ap gen ladan pou pi piti yon enprimant 3D, yon bon pwogram syans imen kote espas la fèt nan fason pou ankouraje timoun yo aprann ak pase tan an sekirite ;
  • Yon bon lekòl tout pwogram aprantisaj yo gen ladan anpil projè pratik pou timoun yo ka antre nan yon aprantisaj ryeèl san fòs kote ;
  • Yon bon lekòl p ap pè mande èd oubyen nenpòt kalite sipò li ta bezwen pou li devlope bon pwogram pou timoun yo ;
  • Nan yon bon lekòl estaf la gen yon pye nan bagay ki pwal vini nan avni timoun yo epi melanje li ak prezan yo pou timoun sa yo pa an reta ;
  • Yon bon lekòl, pa plede bay diplòm, sètifika san l pa konn ki kote elèv la pral re-envesti sa li te aprann nan ;
  • Nan yon bon lekòl tout bagay sa yo separe epi konprann nan sans pwòp yo : konesans, konprann, atitid ak konpetans ;
  • Nan yon bon lekòl timoun ki entèlijan anpil yo rive byen lwen men timoun ki gen difikilte yo ap mache men nan men ak yo;
  • Yon bon Lekòl p ap souse pwofesè ak lòt manm nan administrasyon an pou yon ti gwoup ap byen pase;
  • Si w ale nan yon Lekòl etanke vizitè ou pa aprann anyen sèke se pa yon bon lekòl ;
  • Yon bon lekòl envesti anpil nan mete bon fòmasyon pou pwofesè li yo epi ede yo si yo ta gen pwoblèm pèsonèl.

 

Atik sa a se yon travay rechech syantifik li ka toujou modifye nenpòt kilè pou pote plis enfòmasyon

 

A suivre !

 

 

[1] Facebook.

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans Système éducatif
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …