Accueil ACTUALITÉS Pou “UNESCO”, fòk yo ta entèdi itilizasyon telefòn nan tout lekòl nan monn lan

Pou “UNESCO”, fòk yo ta entèdi itilizasyon telefòn nan tout lekòl nan monn lan

8 minutes de lecture

Fòk yo ta entèdi itilizasyon telefòn nan tout lekòl nan monn lan, se sa “l’Unesco”ta swete, dayè yo panse si nou mezi sa a ta rive pran sa tap ede plis nan pwoteje timoun yo kont sibè asèlman.

 Nan yon rapò ki fèt pou konnen kijan lekòl ap vanse nan monn la, Unesco mande pou tout peyi sou latè ta entèdi koze itilize telefòn nan lekòl yo, espesyalman telefòn entèlijan yo paske sa taka favorize yon pi bon vizyon pou edikasyon “santre sou moun”. Òganizasyon Nasyon Zini pou Edikasyon, lasyans ak lakilti vle pou moun ki ap itilize teknoloji nan lekòl pa itilize li san yo pa konnen ki konsekans sa ka genyen sou lavi timoun yo. Yo menm panse sa nou konsidere tankou enpak pozitif telefòn yo genyen sou pwosesis ansèyman ak aprantisaj la se pa pale anpil pou gran mesi.

Entèraksyon moun ak moun avan tout bagay

Audrey Azoulay, kise direktris jeneral òganizasyon an, dakò ak konprann koze teknoloji sa a gen yon gwo tonton potansyèl, men li vle atire atansyon epi gade pi pre kijan zouti sa yo itilize nan lekòl yo, sitou nan pwosesis ansèyman ak aprantisaj. Si nou vle itilize teknoloji nan klas nou fòk se pou amelyore jan nou travay, jan moun anseye ak aprann, fòk zouti sa yo favorize byenèt tout elèv yo ak anseyan yo, men piga sa tounen yon baton pou bat yo.Pou Unesco, rapò moun ak moun se youn nan bagay anyen pa dwe menm eseye ranplase. Kowona mete yon mache prese sou pwosesis ansèyman anliy ak a distans, òganizasyon an estime te gen plis pase yon milya elèv kite swiv kou anliy pandan konfinman kowona a, menm teknoloji sa a tou pouse nou abandone plizyè milyon lòt elèv ki pat gen lajan pou peye entènèt ak lòt materyèl sa mande.

Konekte sou platfòm vityèl yo pa dwe yon mwayen pou nou koupe fache ak rankontre epi pale ak moun. Unesco menm di genyen yon lyen negatif ant jan elèv yo travay ak etidye ak jan yo mal itilize nan teknoloji yo nan sans eksesif, nan sal klas oubyen lakay yo. Alèt sa a plizyè peyi te tande li epi pran nòt avan menm Unesco te kòmanse plenyen pou jan nou itilize telefòn nan lekòl yo.

Mpa kache di nou 1 peyi sou 4  entèdi itilizasyon telefòn nan lekòl, pa egzanp peyi lafrans pran desizyon sa a depi lane 2018 pou evite “asèlman, vòl ant timoun yo”. Lòt peyi tankou Peyiba  (Les Pays-Bas )deja anonse yo pwal entèdi itilizasyon telefòn nan lekòl yo tou,

Sous :The Guardian

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans ACTUALITÉS
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …