Accueil ACTUALITÉS Radyo-telepedagoji

Radyo-telepedagoji

12 minutes de lecture

MENFP deja lanse premye emisyon tès radyo li ki pote non Radio Télé Educative lendi 9 me a sou radyo nasyonal peyi, men yo gen pwòp radio pa yo ki ta dwe lanse byen vit ak frekans 102.1 epi emisyon sa yo ap redifize sou TNH pandan tout semen nan, soti 8è nan maten pou rive midi.

Nan yon emisyon minis edikasyon an, Nesmy Manigat te di se yon bon moman pou tout moun pataje ak vin pale de sa ki ap pase nan sistèm nan, yon lòt bò minis kilti a, Emmelie Prophète-Milcé li menm di ap gen anpil kontni pou timoun yo aprann, kalite kontni kap soti nan lang tankou kreyòl, anglè ak fransè san blye espanòyol tou. Nan pati sa a, se plis sa minis kilti a di nou ki enterese nou, pandan se nan bouch nimis edikasyon an nou tap tann ni, men li soti kan menm.

Avan nou rive pi lwen ann gade ansanm kisa radyo telepedagoji a ye?

Se nan fen IX syèk la yon gwoup  dekouvri ak envante radyo epi li vin bout jodi a nan telekominikasyon modèn nou genyen jodi a. Radyo telepedagoji vin popilè nan lane 2020, se yon fòm anseyman ki fèt selon yon fòma estrik ki melanje ak bon modèl pedagoji epi ki itilize APC (Approche par compétence) pou ede oditè yo konstwi pwòp konpetans  yo, men plis ede elèv yo reyisi selon yon pwogram ki fèt ak  bezwen yo nan moman an.
Fòk nou ajoute pou nou di w leta nan peyi Lafrans gen yon bidjè ki la pou vilgarize edikasyon, sitou edikasyon syantifik timoun yo ta bezwen konnen, se pou sa tout sa li bay lajan pou sa fèt nan lang manman timoun yo. Dayè Jamy Gourmaud se youn nan pi gwo vilgarizè edikasyon nan peyi lafrans, Leta sibvansyone plis pase 5 emisyon syantifik pou li, tankou C’est pas sorcier, le monde de Jamy, Protéger et servir, pou nou site sa yo sèlman, men Jamy gen plis pase 15 modèl diferan li pwodwi.

Radyo telepedagoji itilize sa yo rele nan yon premye tan Low-tech pou transmèt konpetans yo.

Kijan yo prepare yon emsisyon radyo telepedagoji?

Pou prepare yon sesyon pou yon radyo telepedagoji premye sa pou pran an kont se piblik sib la.
Piblik Sib : fòk ou pran nivo yo an kont, kapasite pou resevwa mesaj ou pwal difize a ak dispozisyon yo oubyen materyèl pou sa, abitid ak sa yo renmen tande nan radyo oubyen gade nan tele, sa yo bezwen tout bon epi kiyès ki ap pataje li avèk yo nan ki kontèks.

Metòd: Ki metòd moun ki pwal pataje kontmi yo ap itilize, nan ki nivo metòd sa a adapte ak koresponn ak moun ki pwal resevwa mesaj, eske li koresponn ak sa li bezwen epi materyèl li a adapte, eske li dispoze ou resevwa li?

Timing: nan lè emisyon RTE a se prensipalman nan maten ak lasemen, sa ki ta vle di se kareman nan lè klas ap travay, lè elèv yo nan klas, lè anseyan ki ka itilize kontni yo ap anseye, lè anpil paran nan travay oubyen nan lari ap regle detay fanmi an, sa vle di fòk timing nan adapte ak piblik sib la.

Kontni: Fok pwogram MENFP yo adapte nan modèl transmedya ak sipò bon pwofesyonèl nan edikasyon, fòk chak tèm pata depase 4 minit pou moun ki poko gen 11 an, fòk li pata depase 9 minit pou sila ki pi gran, fòk gen yon eskrip ki ekri selon kontèks aprantisaj yo, adapte ak konpreansyon yo, epi swiv jan yo aprann pou ede yo pi byen konstwi aprantisaj la. Fòk tout sa ki pwal di nan sesyon an ekri ak mo senp, klè epi itilize langaj kouran pou ede oditè-elèv yo byen konprann, si menm kontni sa yo pwal adapte pou mete sou rezo sosyal fòk li adapte pou rezo sosyal epi fòk li pran an kont kapasite elèv yo pou itilize kontni ki lou, epi fò tout kontni yo gen yon eskrip ekri, minite selon chak leson, chak nosyon, chak tèm pou respkte liy aprantisaj chak matyè oditè-elèv.

Pou fini fòk RTE ta gen yon platfòm kote tout oditè-elèv yo ka telechaje san pwoblèm lè yo vle tout kontni sa yo sou fòm mp3 ak pdf  jan yo vle ak lè yo vle. N ap konkli pou n di radyo telepedagoji an Ayiti ka ede lekòl nan yon nivo, sitou ak kriz sekiritè ak ekonomik ki ap ravaje peyi a, se pou sa nou ekri atik sa a pou ede tout aktè ki ta vle lanse nan pwodui kontni transmedya pou lekòl.

Alamy JEAN PIERRE

Referan nimerik – enjenyè nan telepedadogie

Metriz nan teknoloji edikatif

ki ofri konsiltasyon pou tout moun oubyen enstitisyon ki ta bezwen.
Email: jpalamy@gmail.com

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans ACTUALITÉS
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …