Accueil GOUVERNANCE Système éducatif ZAFÈM nan egzamen leta ?

ZAFÈM nan egzamen leta ?

24 minutes de lecture

ZAFÈM, se yon gwoup mizik ayisyen ki kreye nan lane 2019 pa Dener CEIDE, Gitaris, konpositè, ansyen manm gwoup mitik Tabou Combo, avèk youn nan chantè popilatè Konpa, Réginald CANGÉ.

Si Dener CEIDE, pase de prezantasyon nan zafè konpoze mizik ki “Hit” pou anpil gwoup konpa nan EMA (Endistri Mizik Ayisyen) depi plis pase 10 dènye ane sa yo…piblik lan pa twò konnen li kòm chantè. Men sa, se pa yon pwoblèm. Paske, Dener gen avèl, youn nan pi gwo vokal konpa a genyen ki se Réginald CANGÉ. Dayè tout moun dakò sou sa.

Men poukisa yon gwoup kap fè mizik enterese yon media tankou Omniscient, ki li menm gen rapò ak Edikasyon?

Eh byen, depi lè gwoup ZAFÈM sòti nouvo albòm li an ki rele LAS ( Lalin Ak Solèy) nan dat ki te 5 me 2023 a, pwodiksyon sa resevwa bon akèy de piblik la. prèske tout gwoup ak chantè EMA Endistri Mizik Ayisyen an ki gen ti non HMI ( Haitian Music Industry) te salye gwo travay Zafèm nan tout nivo. melodi, anrajman ak pwofondè tèks yo. Selon anpil gwo kritik nan zafè mizik ak literati, ZAFÈM rive rekonsilye zantray nou, kilte nou ak rit konpa a nan yon melanj espirityalite ak enèji ki travèsè chak ayisyen.

Depi premye jou, premye entèvyou Reginald ak Dener bay … yon sèl kesyon k ap poze, ” kilè piblik la ap gen chans wè ZAFÈM live? “. Tout Moun te swaf ZAFÈM. Nan dat ki te 8 jiyè a nan Lakou NouYòk (NYC) nan peyi Etazini, ZAFÈM te bay premye konsè li. Plizyè milyon Moun, ayisyen kou etranje anndan tankou deyò peyi a swiv prestasyon mizikal sa Anliy (sou entènèt la) ak an prezansyèl pou sila yo ki te gen chans patisipe (al nan bal la).

Tès reyisi pou ZAFEM ak albòm LAS la.

Reyaksyon ak konpliman fè kenken sou tout rezo sosyo. Se nan menm sans sa , nan  menm efori sa,  Minis Edikasyon Nasyonal  Peyi Dayiti a, Pwòf, Nesmy Manigat te kontan ekri sou tout rezo sosyal li … ” ane sa a li posib pou tèks ZAFÈM soti nan egzamen leta…” 

 

 

« SE AN #KREYÒL ENÈJI NOU SANBLE  ! Pa sezi si yon tèks Zafem sòti nan egzamen ofisyèl literati Kreyòl nan nouvo segondè a nan bakaloreya 2023, menm jan sa deja fèt ak Bic Tizon Dife #Maurice_Sixto #Frank_Etienne…. Se pa sèlman pawòl minis la, se pawòl mizisyen an tou. Zafem montre Ayisyen vibre ansanm pi byen an kreyòl, epi rakonte vi yo e konprann istwa yo pi byen an kreyòl. #ALASO ak yon lekòl miltilang: Kreyòl, Anglè, Espanyòl, Franse », se tèks sa a Minis la te ekri sou paj rezo sosyal li…”

 

Aprè ekip pèdagojik Omniscient fini tande tout mizik sou albòm LAS la, api analize chak tèks yo, li sòti ak 3 tèks sa yo. Sa vle di gen anpil posibilite pou se youn oubyen tou le 3 tèks sa yo ki sòti nan egzamen ane sa a, ann espere tout elèv nou yo reyisi pase tout egzamen yo.

Menm si anpil bon tèks nan mizik konpa a poko rantre nan lekòl nou yo, men tout moun ap dakò ke mizik la patisipe nan fè edikasyon popilè chak grenn Ayisyen. Tankou mizik Zenglen, Klass, Tabou Combo, Djakout, T-Vice, BIC elatriye.

Annatanda elèv ki prale egzamen yo ale tande albòm lan sou tout platfòm yo, Ominiscient Info ap pataje ak yo 3 tèks mizik sa yo. ( 1- M pap fè silans, 2- Dyaman nan bidonvil, 3- Egal ego).  Si sa ta rive fèt, tèks  ZAFÈM ap rantre nan lekòl tankou pa Bic Tizon Dife,  Maurice Sixto  ak Franck Etienne yo. 

1- M pap fè Silans

Si w mande n kote m te yeMap di w mwen te la m tap gadeM t ap gade ale yo
M pap fè silans lè m son w via k pou chanteM pap tann balèn etenn pou m al fè penitansSe pandan m ap viv mwen anviPou m profite bay pèp pleziSi gon erè k te fèt m korije l
Mwen toutou kontan tande lèzòm k ap dimikwo pa m nan pèsòn moun pa ka etenn liGen koze k ka fon w nonm fremiM trè rekonesan ak laviM ap boula sous misyon m fini
Gon w banm bèl melodi k polo chanteGon w bann lòt bèl sijè pou al devlopeJe m klè pouki n di m ap dòmiPè las la l ap travay pi diPou yon nosyon ki fin degringole douvan n
Si w mande n kote m te yeMap di w mwen te la m tap gadeM t ap gade ale yo
Si w mande n kote m te yeMap di w mwen te la m tap gadeM t ap gade ale yo
Sa m obsève fè mwen ka pale konsaYon pakèt jèn serye talan yo ka klere tout kotePi fò nan yo y ap gade sou sa ki sot labaPouts m wè etranje fin anvayi zile ya
Si w mande n kote m te yeMap di w mwen te la m tap gadeM t ap gade ale yo
Si w mande n kote m te yeMap di w mwen te la m tap gadeM t ap gade ale yo
E si tout fwa gen nan nou k ta bliye saPeyi sa gen listwa l yon patrimwanKi fè l sa l ye saSi jodiya n devye nou ka korije saGen lòt je k ap gade ann evite plis dega
Gen lòt je k ap gadeGen lòt je k ap gadeGen lòt je k ap gadeGen lòt je k ap gadeGen lòt je k ap gadeGen lòt je k ap gadegade gade gade gade
Pa chèche byen lwen byen lwen byen lwenAyiti plen richès toujou li enspire lanmou lanmou
Port salutJeremieNou pral okaySaint Louis du SudNou sot JakmèlLewogan nou pase gresye n chita kafouLa citadelle
Pa chèche byen lwen byen lwen byen lwenAyiti plen richès toujou li enspire lanmou lanmou
La nan ti peyi saLakayan lakayan nou
Peyanm gen kongoPeyanm gen petwoRespekte laviya nan Peyi ya Kiskeya ou BoyoLòtbò gen rit pa yo ak indantite yoRespekte lavi ya nan peyi ya Kiskeya ou Boyo
Gen lòt je k ap gade
_____________
Sonje yo pa bliye yoBa yo lavi souple Ba yo lavi souple Gade yo pa inyore yoYo anvi viv tande Ba yo lavi souple
De ti pawòl mwen twouve k nesesèMwen pa vin pou m kondanePito se le kontrèSe yon okazyon pou raple n lesansyelSi nou neglije pran swen timoun yoDemen na wè l
Sonje yo pa bliye yoBa yo lavi souple Ba yo lavi souple Gade yo pa inyore yoYo anvi viv tande Ba yo lavi souple
Yon gro kout chapo pou paran k konn dwa yoE pou sila ki abandone wout la nan devwa yoSe yon okazyon pou raple lesansyèlSi nou neglije pran swen timoun yoDemen na wè l demen n va wè l
M tande vwa k ap releK ap kriye byen fò di ase
Nou vle nou vle Mande n mande Pwoteje n renmen n jan nou merite
Nou vle nou vle Mande n mande Pwoteje n renmen n jan nou merite
Yon bann inosan Yo fèt tou entelijanSi te gen mwayen  k ta ka vin gran komandanGranmoun a dizanPran responsablite paran Fè yo tonbe vann kò anatandanPoko gen lot opsyon Grangou ap bay presyon
Nou vle nou vle Mande n mande Nou vle nou vle Mande n mande Pwoteje n renmen n jan nou merite
Lè w desann avyon anRale dola rale papye Fò w gen anpil fyèl pou di w pap separe
M’wè sa nan tout CitéMenm nan Fò Libète Se menm bagay la m wè BurkinabeGad dyaman nan bidonvil Grangou ap bay presyon
Nesesite timoun yoSon w chay lou k mare nan kou nKi fèk kare jennenn si nPa demele n aji an granmoun
Bay la konesans ka defye tout inyoransSe pa nan lari anba bouch brigan pou yal aprann Bese brase
Men non se pa konsa pa konsaMen non se pa konsa pa konsaMen non se pa konsa pa konsaMen non se pa konsa pa konsa
Nesesite timoun yoSon w chay lou k mare nan kou nKi fèk kare jennenn si nPa demele n aji an granmoun
Bay la konesans ka defye tout inyoransSe pa nan lari an ba bouch brigan pou yal aprann Bese brase
Men non se pa konsa pa konsaMen non se pa konsa pa konsaMen non se pa konsa pa konsaMen non se pa konsa pa konsa
______________
Ou pa gen kouraj pou wè lòt la fè lNi ou pa janmen genyen fyèl pou pa fè lSi yon jou l deside li di se jou pa lOu gentan jwenn tout jouman pou ba lFanm ak gason gen men bezwen egal egoFok nou sispann jwe bosal
Cheri mwen dekouvri wMen mwen fèmen je m pa banm mantiYou’re free to do you babyThere’s a price to paySi w banm manti
Si w bay nan pa m nanSe pa w aksidanMwen pa vle teyatM gen bon entwisyonOu fè l plizyè fwaSe pa w revelasyonSi w kontinye fè fo paW ap jwenn pinisyonOu kay tonbe nan bra yon vagabon
Cheri mwen dekouvri wMen mwen fèmen je m pa banm mantiYou’re free to do you babyThere’s a price to paySi w banm manti
Si w bay nan pa m nanSe pa w aksidanMwen pa vle teyatM gen bon entwisyonOu fè l plizyè fwaSe pa w revelasyonSi w kontinue fè fo paW ap jwenn pinisyonOu kay tonbe nan pèlen yon vagabon
Ak sa m wè la kot respè m nan yeE e m ap mande wAk sa m wè lsou ki bit mwen kanpeE e louvri je w
Tout fanm ak nonm mese ak medam yo egal egoTout sa yon nonm ka fè medam yo kapab fèMenm fè l pi byen fo n pa jan minimize yo
Tout fanm ak nonm mese ak medam yo egal egoTout sa yon nonm ka fè medam yo kapab fèMenm fè l pi byen fo n pa jan minimize yo
__________________
Nan moman nou ap ekri atik sa a nou profite re tande ak apresye chak pawòl, chak son ak chak aranjman.
Bon modèl mizik sa yo pwouve yon lòt fwa ankò, anpil nan atis nou yo byen edike pou ede popilasyon an kite yon bèl eritaj. Nou pwofite voye yon mesaj pou sila ki ap itilize vwa yo ak popilarite yo pou mennen lajenès la nan banbòch, pou yo konnen ak konprann popilarite pa vini san responsabilite.

Recevoir l'article le plus consulté directement dans votre boite mail

Ne vous inquietez pas pour les spams

Notre canal Telegram : cliquez ici

Notre Communauté WhatsApp : cliquezici

Télécharger l’application : DOWNLOAD

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans Système éducatif
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …