Accueil ACTUALITÉS AHML ap envesti nan dwa moun

AHML ap envesti nan dwa moun

12 minutes de lecture

Depi moun egziste, depi se kote moun ap entèraji youn ak lòt nou paka pa pale de dwa, dwa pou viv, dwa pou edike, dwa pou viv jan ou vle jan lide ou di ou si ou respekte dwa lòt moun. Se pou sa, ou paka panse dwa ak sosyete san ou pa panse avan ak dwa moun paske se yon dwa inalyenab tout moun genyen, kit li fi kit li gason, se sitou pou pwoteje moun kont abi leta.

Nan objektif edike ak pwoteje dwa moun AHML (Association Haitienne des medias en Ligne) asosye ak BINUH pou edike jounalis, espesyalman direktè medya an liy yo sou sa ki gen a wè ak dwa moun, kòm depi kèk jou gen gwo deba sou kilè eleksyon dwè fèt nan peyi a AHML (Association Haitienne des medias en Ligne) deja komanse ranje kabann ni avan domi nan je l.

AHML (Association Haitienne des medias en Ligne) kreye nan Lane 2016 nan lide pou genyen yon près an Liy responsab. AHML se premye Oganizasyon ki egziste nan domèn Laprès An Liy an Ayiti. AHML (Association Haitienne des medias en Ligne) regwoupe 35 medya an Liy ki nan Potoprens, nan Pwovens ak nan dyaspora a.

AHML (Association Haitienne des medias en Ligne) toujou gen sesyon fomasyon pou Jounalis ak Medya an Liy. Lane pase n te gen fomasyon sou dezenfomasyon/envestigasyon. Epi ane sa se premye seri fomasyon pou antou senkant Jounalis nap fe ak BINUH ak WO Komisarya  Nasyonazini epi AHML (Association Haitienne des medias en Ligne).

Apre Fòmasyon an AHML (Association Haitienne des medias en Ligne) anvizaje jwenn FON pou reyalize kèk  ankèt nan peyi a.

Pou ane sa a lanse premye kowòt fomasyon li ak BINUH nan ki te gen pou tèm Dwa Moun nan Period Elektoral.

Avan nou rive pi lwen kita mwen ajoute pou di BINUH kreye selon rezolisyon 2476 nan lane 2019, ki adopte nan 8559è konsèy sekirite nasyon zini kite pran nan lane 2019, Ayiti se youn nan siyatè  rezolisyon sila se yon lòt kote pou reafime atahman peyi sila yo ak souverennte, endepandans, entegrite tout teritwa Ayisyen an (klike la a pou jwenn rezolisyon an), sa vle di Ayiti siyen epi dakò pwoteje dwa moun kèlkeswa nivo, sèks, laj oubyen ras li. obektif la sete x . BINUH deja travay ak anpil moun ak òganizasyon nan peyi sou sa ki gen pou wè ak dwa, espesyalman dwa moun. Yo travay anpil tou nan sa ki gen a wè ak dwa moun ki nan prizon. Anplis fòmasyon yo konn bay akonpayman tou pou sila ki paka pran avoka pou defann dwa yo lè yo ta bezwen.

Pou fomasyon kote AHLM asosye li ak BINUH an se pou ede jounalis yo, espesyalman medya an liy yo konnen ak konprann byen nosyon dwa moun, jagon pou yo itilize, epi kijan pou yo kòmanse yon pwosedi si yo ta viktim. Fomasyon an te dewoule nan Otèl Maryòt pandan 2 jou nan dat 22 ak 23 sektanm ane 2021 an. Anplis dokimatasyon yo kite korèk men modil yo tou te enteresan epi rich, sa kite fasilite anpil deba, yon lòt bò prezidan AHML (Association Haitienne des medias en Ligne) mesye Godson Lubrun te bay tout teknik ak metòd yon jounalis envestigasyon dwe konnen pou li mennen yo ankèt, nan similasyon an te gen anpil bèl sijè kite debat, kote sosyete a ak palmatè yo ta dwe travay sou kèk deba epi gade ki lwa peyi a bezwen anplis pou ranfòse dwa moun.

2 ofisye BINUH mesye Herby Isnardin ki se Ayisyen ak Aimé Ntumba Kakolo ki li menm se yon Afriken espesyalman yon kongolè ki ap viv Ayiti depi 16 lane. Bò kote Herby sete jagon, metod, mantoring ak pwesedi epi bò kote Aimé li menm sete plis travay jounalistik ak rechèch sou kijan pou mete aksan sou detay yo, 2èm jou a yo te remèt tout patisipan yo sètifika epi fini jounen an ak yon sesyon foto, echanj ak koneksyon.

Selon enfòmasyon ofisye fòmasyon an, premye sesyon 2 jou sa a sete komanse yon gwo kokenchenn patnèrya ki louvri sou anpil lòt aktivite ki ta dwe dewoule nan fen ane a, ofisye a te pwofite di mwen gen yon fon ki disponib pou peye yon kabinè avoka pou ede jounalis manm AHML (Association Haitienne des medias en Ligne) yo ki ta viktim nan kad travay yo.

Atik sa a se premye pati nan yon seri lòt atik ki ap disponib nan ribrik la, selon lòt detay nou ka oblije modifye atik la tou pou plis limyè ak klarifikasyon.

 

Kredi foto: AHML  – Association Haitienne des medias en Ligne

Entwodiksyon: AMESTY INTERNATIONAL

Lòt enfomasyon sou dwa moun 

Video Youtube: Dwa moun an Ayiti

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans ACTUALITÉS
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …