Accueil DOSSIER Parole libre Ti refleksyon sou feblès lekòl nan peyi dayiti.

Ti refleksyon sou feblès lekòl nan peyi dayiti.

9 minutes de lecture

____

Par: Jean Berthony BLANCHISSE

 ___

Ansèyman an Ayiti jounen jodia yon defi pou nou leve

Depi lontan, reyalite anseyan ak anseyman nan peyi dayiti rete yon kaskèt chinwa, Anpil kesyon poze tankou poukisa nou al lekol ? repons ki pi senp la menm pou yon moun ki pa konn li ak ekri se: Al aprann li ak ekri. Pou moun ki pi save yo lè yap gade jan nap fome ti moun yo nan lekol nou yo ak nan inivesite yo : se pou lòt peyi paske l pa adapte ak reyalite sosyal ak ekonomik nou. De agiman sa yo lè nap konsidere yo jounen jodi a ak sa kap pase nan lekòl ak inivesite nou yo, ak mod gouvenans systèm nan komsi nou fè yon pik anba.

Konsenan li ak ekri, anpil moun ap plenyen ke ti moun nou yo gen gwo difikilte pou ekri ak li yon fraz ki parèt senp. Difilite sa yo bay anpil dout epi pemèt nou, akize nivo Mèt (pwofesè) Nou yo . wi nivo edikatè.

Pou anpil moun ( gwo ekspè, paran ak pwofesè) plizye rezon esplike sa

– Se paske leta pa jwe wòl li

– se paske nivo edikasyon nou bese epi se pa moun ki pi byen fome yo ki vin pwofesè

– Se paske nou pèdi sans ak misyon metye a, an patikilye kote diven osnon sakre metye a kise lanmou ak vokasyon

– Se paske pwoblèm sosyo-ekonomik yo, tankou salè pwofesè yo ki pa reponn ak kou lavi a

– Se paske paran yo demisyone.

Esplikasyon sa yo,pemèt yo konpare lekòl lontan ak jodia. Pa egzanp nan ekriti jenerasyon pase a ak kapasite, konpetans yo nan domenm sa yo . Ansyen jenerasyon an té pi maral e yo kesyone liv yo ki se yon lot gwo moso nan system nan malgre tout agiman sa yo ; ki aksyon , refleksyon konkrè leta atravè ministè ledikasyon Nasyonsl rive poze pou pote yon repons bay sosyete a ki ap pale sou sitiyasyon sa depi yon bon bout tan. Anpil moun save di ledikasyon nou an te gen yon pòt louvri sou letranje plis ke sou peyi a men jounen jodia anpil kesyon ap poze sou poukisa ministè a nan kad validite pou papye ministe délivre nou yo.

  • Poukisa yon papye ministè ledikasyon bay oblije legalize nan ministè a ankò?
  • Poukisa nan peyi etranje yo pa pran papye leta délivre yo o serye ?
  • Eske leta gen kontwol sistèm nan vre nan fason lekòl ap louvri pòt yo nan peyi ?
  • jan lekòl ap fèt nan tout ti rankwen san kontwòl an patikilye ki wòl enspektora a? (BDS,BIZ yo).
  • Kiyès nan MENFP ki ka di konbyen lekòl ki genyen nan peyi a ak presizyon ?

Se sou ti kesyon sa yo, mwen kase randevou ak nou pou yon lòt seri refleksyon. Pa ezite pataje ak komantè. Nou ka kontakte mwen sou adrès mel sa a : blantrisse78@gmail.com 

_______

Par : Jean- Berthony BLANTRISE

Crédit photo : Omniscient Info

Author

  • OmniScient Info

    OmniScient Info, est un média en ligne spécialisé dans l'Education et la Formation diffusant les actualités du monde l’éducation, de l’enseignement, de la recherche et de la culture en Haïti. OmniScient Info est destiné à tous les #acteurs de l’#éducation et de la #formation – aux #étudiants (tes), aux #enseignants (tes), aux #chercheurs, aux #directeurs (trices) d’#écoles, aux #parents et/ou toute autre personne ayant un intérêt ds le domaine l’Éducation en général. OminiScient Info | Le média de l'Education | #InfoUtile #InfoCommentée

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par OmniScient Info
Voir plus d'articles dans Parole libre
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

Et si nous libérons l’évaluation de la prison scolaire en Haïti…  

Extrait commenté du livre : Administrer les écoles Privées en Milieu Rural : Théories et A…