Accueil ACTUALITÉS Apse sou klou

Apse sou klou

12 minutes de lecture

Jodi a Ayiti ap travèse pi gwo kriz li te ka konnen. Tout kalte katastwòf frape li, pou 11 dènye ane sa yo menm se pa pale. Jodi a mwen deside peze klou ki leve sou abse a. Mwen konnen jan sa rèd, men nou pa ka pa peze li sitou apre sa ki fin pase nan gran Sid peyi a.

Li 8è 30 nan maten 14 dawou tè a tranble, fwa sa a se pa lwès men se pito Gran Sid peyi a ki frape, men avan menm nou rive pi lwen, ann klarifye kèk bagay, sitou tèm yo selon lasyans.

Fenomèn tè tranble pa gen anyen pou wè ak lafwa, pinisyon diven oubyen malediksyon, ann li plis sou Planeto Scope  atik la klè poul di yo pa fouti konte kantite fwa tè a tranble, men yo ka rive konte ant 500,000 a 1 milyon fwa chak ane, sa ki fè tè ta tranble 2,700 fwa chak jou. Dayè se pa Ayiti ki pran pi gwo sekous nan tout peyi sou latè men se pito Lachin nan lane 1556, selon atik ki ekri sou tranbleman tè sa a li te touye apeprè 60% moun ki tap viv nan zòn nan, si nou gade byen nan done DATAGOV ki disponib sou sit Statista n ap wè soti nan lane 1900 rive  2016, se Lachin  ki plis viktim katastwòf tranbleman tè, sa te menm pouse Wang Wenxi pase 5 lane ap etidye sou kijan pou li fè yon kabann anti sismik pou sove lavi moun. Gen yon chèn ki espesyalize nan similasyon, sitou nan koze katastwòf ki rele WHAT IF ki fè yon videyo pou eksplike kijan sa ap ye si tè a ta tranble nan nivo 20 sou echèl yo itilize pou mezire li a. Peyi Japon li menm sanble pare, paske anplis de mi anti sounami, yo rive fè kèk kay ki ka fè ti leve oubyen yaya kò l chak lè tè a souke.

Soti 2010 rive jodi a pa gen okenn baz done fyab ou ka itilize pou di konbyen fwa yo konte tè a tranble an Ayiti, men soti 2010 pou rive 2021, Ayiti konnen 2 gwo tonton tranbleman tè, 14 dawou se sa ki pi resan ki pase nan peyi a e ki pi vyolan. Selon kèk done LAPRESS CANADA yo rive konte 2207 moun peri ak 12 000 lòt blese (evalyasyon pasyèl, jiska dat atik sa ekri a).

Katastwòf natirèl se klou a, epi modèl lekòl nou genyen jodi a se apse ki leve sou klou a. Jodi a siw mande Ayisyen ki pi gwo pwoblèm peyi a,  si li pa di edikasyon avan, l ap site li kanmenm an dezyèm, dayè se vre, selon tout konsta,  nan peyi a chak lekòl prale ak yon vitès diferan, san konte pa menm gen ase lekòl pou edike timoun yo, se nan mera sa a Ayiti pran, anplis de lavi moun seyis la pote ale, li pote ale tou youn moniman ki pi enpòtan pou sosyete a ki se lekòl, selon done “Action à la gestion intégrée des ressources pour Haïti (AGIR-H)”,  li resesanse 80 lekòl sèlman nan Nip, selon lòt done gen 127 lot lekòl nan rès depatman ki frape, òganizasyon an menm ekri epi kalifye katastwòf la “fann fwa”, se pou sa nou kalifye katastwòf ki vin met abse sou klou. Twa (3) jou apre seyis la,  lapli pa sispann tonbe epi replik yo ap kontinye sakaje kò ak lespri moun yo, anpeche yo domi, reflechi pou konnen kijan yo pwal rekonstwi. Kèk jou apre, nan dat 24 dawou ministè edikasyon nasyonal mete sou pye yon selil ki pral evalye tout kalte pwoblèm seyis ak lòt katastwòf yo fè nan tout peyi a. Sikilè a ba yo misyon san ajanda ni yo pa mete sou pye oken modèl ki ka ede yo pataje enfòmasyon ak rès piblik la sitou moun nan Sid peyi a ki pèdi prèske tout sa yo posede. Annatandan, dat pou reouvèti klas yo pa chanje, 12 jou avan lekòl ouvè okenn elèv ki te ale nan egzamen ofisyèl leta pa konnen kote yo gad, sila ki te ale siveye egzamen poko jwenn anyen nonplis, m pa menm bezwen pale pou gwoup ki tèt anba nan korije fèy depi kèk semèn, sila menm ki ta dwe ekonomize pou achte liv ak inifòm, poko konnen nonplis ki sen pou yo rele, annatandan yon mirak, mwen sispann peze absè a ki sispann bay pij ki ap fè san.

___________

Réflexion: Alamy JEAN-PIERRE

Crédit Photo: Facebook

 

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans ACTUALITÉS
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …