Accueil ACTUALITÉS 8 Mas: Omaj pou fanm je klere

8 Mas: Omaj pou fanm je klere

23 minutes de lecture

Istwa feminis afriken-ameriken makonnen ak esklavaj, dayè karakteristik feminis nwa nan Etazini pran rasin li nan mobilizasyon medam yo nan XIXe syèk pandan gen gwo goumen pou aboli lesklavaj.

Nan lane 1830, nan Etazini, anpil nan òganizasyon feminis sa yo te kanpe rèd pou abolisyon esklavaj, se lè sa a yo koumanse byen idantifye kèk òganizasyon fanm tankou: Ladie’s New York Anti-Slavery Society (fonde an 1835)  Female Anti-Slavery Society (fonde an 1933). yon lòt gwo tonton sosyete (Yellin et Van Horne 1994 ; Bolt 2004), ki soti li menm anndan American Anti-Slavery Society, ki baze nan Boston ak  Philadelphie, yo te menm presize nan stati yo oganizasyon sa yo se fanm nwa ak fanm blanch ki fè li, dayè medam sa yo pou kont yo te konn ede anpil esklav sove kite kèk plantasyon ak abitasyon. Pou kont yo fanm eklere sa yo aprann pran angajman pou goumen pou sa k pi fèb yo, yo aprann fè politik, yo kreye yon modèl pou yo fè reyinyon, pou yo pran lapawòl nan nenpòt piblik, medam sa yo te konn atake esklavajis yo dirèkteman, yo te sitou bon anpil nan itilize afich ak trak pou yo fè mesaj yo pase, epi nan menm batay sa a yo kanpe pou yo tou pwofite defann dwa fanm, se pou sa anpil istoryen toujou di se nan koze abolisyon esklavaj la nan goumen pou dwa moun medam yo rive kreye pwòp mouvman pa yo san yo pa bezwen pèmisyon ni otorizasyon pesonn. Jou premye reyinyon medam yo sou koze dwa fanm tousuit apre gè sesesyon an, an me 1866, medam delege pou konvansyon dwa fanm yo te deside tou kreye yon asosiyasyon pou egalite dwa moun kit li fanm kit  li gason epi an menm tan dwa pou moun nwa vote ak fanm vote.

Ki kote koze 8 mas la soti?

Apre gè sesesyon an nan mwa me lane 1866 kèk peyi ann Ewop koumanse souke kò yo, epi se la a mouvman feminis lan tou koumanse miltipliye, sitou nan peryòd premye gè mondyal la kote fanm te jwe anpil gwo wòl, se menm le sa a tou medam yo pwofite de sa yo pote pou yo pwofite fe vwa yo pase, fòse gwo zotobre tande sa yo gen pou yo di.

  • Se konsa nan mwa mas 1911, yon milyon fanm manifeste ann Ewop pou respè dwa yo.
  • 8 mas 1913 yon pakèt fanm nan peyi Larisi koumanse òganize yon pakèt gwo manifestasyon.
  • 8 mas 1914 fanm nan peyi Almay manifeste pou reklame dwa vòt yo.
  • 8 mas 1915 nan peyi Novèj anpil fanm manifeste pou reklame dwa yo epi pwofite mande lapè.
  • 8 mas 1917  ankò nan peyi Larisi yon gwoup fanm te manifeste pou fè mari yo retounen soti nan lagè
  • 8 mas 1921, Lénine deside dekrete 8 mas jounen dwa fanm.
  • 8 mas 1977, apre li te rekonèt inisyativ medam 1975, Oganizasyon Nasyonzini (Nasyon Zini) vote epi adopte yon rezolisyon kote yo deklare 8 mas jounen dwa fanm epi lapè entenasyonal, se konsa etanke eta manm Ayiti tou dakò mete 8 mas nan kalandrye li pou menm jounen sa a, menm jan ak anpil peyi nan monn lan.

Malgre tout efò sa yo, ou pa toujou wè yo respekte epi valorize efò medam yo ap fè nan kad emansipasyon moun, pa egzanp depi kèk tan sou entènèt la siw ap chèche moun ki gen lajan yo mete limyè sou yo se plis gason epoutan ou pa janm remake menm enèji sa a pou FOLORUNSHO ALAKIJA ak Oprah Winfrey 2 fanm ki pi rich nan monn lan.

Isit ann Ayiti, koze dwa fanm pa janm sispann fè moun pale, yon bò anpil fanm ap goumen pou fè respekte dwa yo, yon lòt bò y ap edike moun pou fè konnen kijan de reaksyon yo dwe genyen pa rapò ak yon seri sitiyasyon, nan yon atik “Du droit des femmes à disposer de leur corps“, Aktivis, feminis epi blogez Patricia Camilien  te eseye esplike ki kote mizojini soti epi esplike tou kijan fanm dwe sèl chef pou fè sa li vle ak kò li, se pou sa li ankouraje tout fanm pou yo gen lwa bouch yo.

Yon lòt bò pou fasilite medam gen yon repè ak yon plim ki pou yo, Daniella Jacques te lanse DOFEN NEWS 17 avril 2018, tou lanse yon pwogram FEMME DOFEN pou rekonpanse fanm k ap travay nan peyi a pou ede lòt fanm parèy yo emansipe.

Angajman politik ak sosyal montre yon seri lòt fanm pa gade nan je epi rele yon chat, chat. Se nan kategori sa a w ap jwenn Emmanuella Douyou li menm  ki se yon espesyalis nan politik ak pwojè pou devlòpman, kise Ekonomis, Aktivis ki pran angajman pou sove Ayiti,  se pou sa tou li fonde POLICITE ki ofri konsiltasyon nan jesyon ak evalyasyon pwojè.

Medam yo itilize vwa yo, fos yo ak talan yo pou yo fe yon seri mesaj pase se nan kategori sa a wap jwenn; Gaëlle Bien-Aimé ak tout Gessica Généus ak yon paket lot anko.

Fanm yo mete men yo tou nan sa ki gen a wè ak kalite edikasyon nan peyi a, yon kote ou jwenn Nedgine Paul ki se inisyatris ANSEYE POU AYITI, mouvman sa a se yon nouvo jenerasyon lidè sivik k ap bay lidèchip transfomasyonèl la fòm epi fè pledwari pou tout timoun jwenn yon menm nivo edikasyon ann Ayiti. Nou vle kreye yon enpak sou lavi 20,000 lidè sivik nan 2020. Yon lot bò ou jwenn Marli Lalanne nou tout konnen sou non Anbasadè Marli ki se fondatris “COLOR OF HOPE  yon òganizasyon  k ap travay pou amelyore kalite lavi Ayisyen Ozetazini ak Ayiti. Yo bay aksè a edikasyon, platfòm pou dyalòg konstriktif, resous ak yon anviwònman teknolojik pou jèn ann Ayiti devlope ladrès 21yèm syèk la. Koulè Lespwa fèt pou angaje fanmi yo ak kominote yo an Ayiti ak aletranje pou yo reyini ansanm, pou youn sipòte lòt e bati ansanm. Tout moun ki gen aksè ak yon telefòn entelijan ki ka ale sou nenpot rezo sosyal rantre kanmenm yon fwa ak anbasade a dèyè ti ekran li, toujou nan angajman pou chanje lavi nan kominote a Marli te lanse yon jounen nasyonal pou rekonsilyasyon nan dat 7 jiyè. Nan depatman sant, nan Tomod ou jwenn Remise Belizaire ki se inisiatris Konbit sant sosyokiltirèl Tomond, KSKT  , objektif la se mete yon bibliotek moden nan komin nan, avek yon odotoryon, yon sant ebejman, ak kek bon espas pou timoun yo ak lajenes jwenn kote pou yo jwe basket, foutbol ak kek lot jwet anko.

Nan sa ki gen a wè ak teknoloji Medanm yo souke kè yo tou, nan lis la nou ka rankontre; Christine Souffrant Ntim ki lanse Haiti Tech Summit  ki reyini plizyè milye antreprenè, envestisè, selebrite ak kreyativite nan yon sèl espas, ansanm pou adrese pi gwo defi limanite atravè teknoloji ak antreprenarya. Li se yon pati nan yon inisyativ 13 ane, pou rive mete Ayiti nan yon sant teknoloji entènasyonal. Nan yon lòt bò ou jwenn Castelline Tilus ki lanse Ayiti Analytics, yon Bootcamp ki se pwogram entansif e imèsif ki fèt sou 16 semèn sou konpetans pratik nan domèn syans done. Ou jwenn tou Dieula Sylvie Dareus ki kreye KOUTYE, Koutye se yon aplikasyon mobil ki mete an relasyon moun kap cheche kay, swa pou lwe, swa pou achte ak moun ki gen kay, Notè Peyi m se yon lòt aplikasyon Sandyna Sandaire Jérôme kreye pou konekte tout moun ki ap achte tè konekte ak notè ki pi pre li epi pi fyab. ou Jwenn tou Guerrier Laure Darwindy ki se enfliyansè, devlopè, li te youn nan responsab devlòpman nan Alpha Haiti epi li te chèf operasyon tou nan Numera Haiti, Kounya a li ap fe yon espesyalizasyon nan peyi Canada.

Dayè pou fasilite ak ede medam yo konprann ak anbrase plis nouvèl teknoloji yo, gen yon paj facebook Haiti Femmes & TIC ki kreye epi fè kèk fòmasyon pou yo.

Pou ede fanm ak Tifi pale de sa yo viv ak sa yo sibi Kowòdonatris nou Ludnear Diane Augustin  ede yo ak Séqu’ELLES, pou ede tout Demwazèl yon deplwaye zel yo Marcna Andy Pierre mete men nan pat la pandan li tou profite bay yon kout men sou kontinan an.

Koze Kilti Vyòl se youn nan pi bel podkas ki egziste an ayiti, li mete anpil anfaz sou vyol ak tout kalite agresyon fanm sibi nan sosyete a, yo deja soti plizye epizod ki disponib sou anpil platfom.

Nan sa ki gen a wè nan lavi chak jou sitou nan relasyon fi ak gason, Sa fè kèk jou depi yon gwoup fanm sou facebook ki rele FANM EKLERE vle chanje bagay yo, yo mete tèt yo ansanm pou yo chanje konvèsasyon, pou yo di bagay la nan langaj pa yo, nan sans pa yo nan fason pa yo, depi lè a yo lanse yon seri konvèsasyon layv pou di kijan yo menm fanm yo wè bagay la. Sou paj facebook yo a ou ka menm rive li ki misyon ” Fanm Eklere“, li la pou ede fanm jwenn limyè! Pou ede fanm kesyone kèk règ sosyete a. Pou ede nou jwenn libète mantal ak finansye. Yon fanm Eklere la pou klere chimen lòt fanm! ” yo bay tèt yo etanke feminis, aktivis epi moun ki ap lanse konvèsasyon. nan yon paket bel sije men kèk nou mete la a pou ou ka gade:

Pou ane 2021 a tèm ONU chwazi an se : “Leadership féminin : Pour un futur égalitaire dans le monde de la Covid-19″

Atik sa a ekri ak transparans epi done ki disponib, chwa moun yo pa fèt pou favorize oubyen mete an avan yon gwoup pa rapò ak yon lòt, nou pwofite wete chapo nou devan travay chak fanm kreyòl piti kou gran, yon omaj espesyal pou yo, pou kouraj yo!

Pou referans:

__________

Crédit Photo:

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans ACTUALITÉS
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …