Accueil ACTUALITÉS Entansifikasyon mobilizasyon pou ouvèti lekòl la

Entansifikasyon mobilizasyon pou ouvèti lekòl la

8 minutes de lecture

Jan sa te planifye, omwen twa (3) fwa pa semèn, depi mwa out la, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Pwofesè Nesmy MANIGAT, ak Direktè Jeneral Ministè a, Doktè Meniol JEUNE, òganize yon nouvo reyinyon travay, lendi 24 oktòb 2022, ak direktè depatmantal edikasyon yo, direktè teknik yo ak kwòdonatè yo.

Yon lòt fwa ankò, Ministè a ap fè swivi travay 10 Direktè Depatmantal yo nan sousi pou fasilite rantre ak fonksyonman ane lekòl la sou plan administratif ak pedagojik. Yon dokiman kad ki fèt nan objektif sa a sèvi kòm referans pou Direksyon Depatmantal Edikasyon yo (DDE) pou mobilizasyon kominote edikatif la, otorite lokal yo ak lòt patnè nan komin yo.

Malgre plizyè apèl pou ouvèti lekòl la, depi 3 oktòb, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) konstate lekòl la an difikilte nan yon kontèks kote vyolans ak laperèz ap taye banda. Pran chimen lekòl sanble vin tounen yon krim, yon ofans ki penalize plis pase kat milyon timoun.

Men, yon van lespwa parèt, paske gen tantativ pou rekòmanse kou nan kèk lekòl piblik ak prive nan plizyè depatman nan peyi a, daprè denye rapò DDE yo. Inisyativ sa yo montre aklè mobilizasyon an ap vanse, kote aktè yo enplike pi plis nan jefò pou fè respekte dwa timoun yo, atravè plizyè entèvansyon nan laprès e plizyè nòt piblik.

Disponibilite ak fasilite pou jwenn gaz pou transpò eskolè, espesyalman pou paran ki twouve yo nan sitiyasyon ki pi konplike yo, se yon faktè esansyèl pou fasilite aktivite lekòl yo ak pou fè respèkte dwa pou tout timoun ale lekòl.

Mobilizasyon MENFP ap entansifye tou paske avni timoun yo ak peyi a an danje. Kidonk, se lekòl la ki dwe bay repons ak divizyon k ap wonje sosyete a, nan preche solidarite, tolerans ak dyalòg. Lekòl la pa ka tann konfli politik yo rezoud avan li retounen fonksyone, paske misyon li se fòme sitwayen yo pou yo viv-ansanm e aprann evite ak rezoud konfli nan lapè.

Pwochen reyinyon travay la pwograme pou mèkredi 26 oktòb sa a. Pwoblèm resous imèn, renouvèlman kontra ak envantè byen ministè a pral nan ajanda a, anplis analiz pwogrè ki dwe fèt nan mobilizasyon sistematik pou reouvèti lekòl la san n pa p bliye pale pwoblèm estriktirèl yo.

Pou fini, Minis la mande Ofis Nasyonal Patenarya nan Edikasyon (ONAPE) pou konsilte divès patnè kominotè edikatif la pou envite yo nan rankont vandredi 28 oktòb la, nan lide pou fè echanj enfòmasyon ak diskite sou tout desizyon k ap itil pou fasilite lekòl la fonksyone.

Biwo kominikasyon/MENFP

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans ACTUALITÉS
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …