Accueil ACTUALITÉS Se yon ti pa pou MENFP men se yon gwo pa pou elèv yo

Se yon ti pa pou MENFP men se yon gwo pa pou elèv yo

6 minutes de lecture

Nan lane 1969 Neil Armstrong vizite lalin, tout moun te kontan te gen anpil moun nan lemond kitap swiv evenman sila devan ti tele nwa e blan yo, Neil li menm bò kote pal te kontan anpil, men avan lite mete pyel sou lalin lot konpayèl kite ak li a te pran ti tan pou prye epi di bonDye mèsi apre yo te fin prye Neil tap pwononse pawòl pawòl selèb sila: Si yon ti pa pou mwen menm imen, men se yon gro tonton pa pou tout limanite

Depim maten se pa ti glwa bonDye ap resevwa nan men elev filo ak NS4 yo pa paske yo mete pye yo sou lalin, men pito paske MENFP rive fè yon mirak ede yo jwenn rezilta sou yon sit yon fè pou sa, sanble se ane sa a plis moun rive touche ak program sa a paske sistèm nan disponib depi nan lane 2015.

Klike sou lien sa a pou ka jwenn rezilta egzamen leta ane sa a BUNEXE@MENFP

Wensterlie kise elèv Gran Kolèj Limanis nan dèlma kontan paske rezilta yo disponib sou entènèt li di li pap bezwen soti kazo ale Delma,men depi vendredi anyen poko mache pou li genlè sit la pa tro byen mache oubyen algoritm lan ap bay problem pou li ede li jwenn rezilta, yon lot bò gran sè li ki pa kwè ke mirak la opere ap fawouchel dil leta pa rekonèt li! Antouka ane sa a okenn timoun pap bezwen deplase MENFP atravè BUNEXE rive mete sou pye yon sit ki ka bay chak timoun rezilta yo swa sou telefon, tablet Oubyen òdinatè yo, ann espere ke MENFP ak kontinye byen itilize tout gro konpetans sa yo li genyen nan biwo UTICE la pou yo rive demokratize edikasyon tout bon an Ayiti!

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans ACTUALITÉS
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …