Accueil TIC à l’école Intégration des TICE 10 aplikasyon ke yon anseyan ka itilize pou fè montaj videyo!

10 aplikasyon ke yon anseyan ka itilize pou fè montaj videyo!

12 minutes de lecture

 

Mwen pa yon ekspè nan koze montaj videyo, men pafwa poum anseye mwen oblije prepare kek kapsil, mwen sonje kijan kek anseyan te gen problem lè tou de epòk peyi lòk yo pou yo te fe kek ti montaj tou piti. Eben pou ede kèk nan nou men kek apliksayon fasil mwen pote pou nou.

1- KdenLive

 

Towo sa w fasil pou itilize sak pi bèl la wa lejè paw, men kèk fonksyon wap jwenn ladan

  • Ou ka ajoute anpil videyo an menm tan pou edite
  • Depi se videyo ak odyo sa pa gadel lap editel ba ou siw vle
  • Ou ka mete tèks fòma 2D ladan
  • Entèfas la nenpòt timoun ka konprann li
  • Li fè bagay yo vit vit
  • Li gen ka bakòp tout bagay otomatik
  • Li gen kek bon FRAME kew ka itilize
  • Anplis de tout bsa yo ou ka mezire son an, ou ap jwenn istorik fasil pou travay, ah pitow al gade epi fè Pratik pouw vin bon

Al telechaje li la a: Kdenlive

 

2- LIVES

Tanka pou towo sa a li menm se yon bagay ekstraòdinè, men kisal ka fè

  • Li aranje imaj ki nan videyo ak y oak yon presizyen anraje
  • SAk bèl la pandan wap fe yon LIVE wap ka edite videyo a an menm tan
  • Ou pa bezwen òdinatè sofistike pou travay avèl
  • Plizyè moun ka travay sou li an menm tan
  • Ou ka menm jwenn plogin pou met sou sit ou siw ap travay nan domenn videyografi

Men kote wap ka pran  LIVES

 

3- Openshot

 

Sa a li menm mwen konsiderel tankou kiyè, pa gen okenn videyo ki ka bal chalè, men kisal peze

  • Li sipote nenpòt fòma videyo a ye a
  • Li chake ak yon bann bel FRAME sitou pou animasyon
  • Ou ka ajoute kantite odyo ou vle ladan
  • Ou ka menm lanse live avèl paske li fe tranzisyon videyo nan tan reyèl
  • Li gen anisyon 3D pou tit ak efè
  • Ou ka deplase ladan janw vle, ou ka monte desann, bay yon pati nan videyo a kalite zoum ou vle

Telechajel la a : OPENSHOT

 

4- VidCutter li menm li pa nan bese triye, nenpòt saw ye nenpòt moun ou ye wap ka itilizel pandanw wèl premye fwa, nèspabo ?

 

Men kisa li fè

  • Li gen KEYFRAME wap ka itilize, se jis modifye
  • Ou ka koupe, kole mete kantite bout videyo ou vle

klike la a pou pran VIDCUTTER

 

5-Li tèlman fasil mwen relel tape nan sòs,

  • Shotcut se youn nan editè videyo ki pi zizi, tèlman li bèl, antouka men kisaw ap jwenn ladan
  • Li pran tout kalite videyo nèt nèt
  • Pandan wap travay sou li sw vle lap edew
  • Entèfas libèl
  • Li senkronize tout son byen
  • Li estereyo, li mono, nan koze mezi li vo 5.1
  • Ou ka itilize li sou 2 ekran pou travay
  • Ou pa menm bezwen enstalel sou òdinatèw pakske li gen yon vèsyon pòtab

Siw klike sou non sa a SHOTCUT wap tou jwenn ni

 

6-Flowblade

Li menm li pa tro diferan de lòt yo selman ou ka edite videyo ki long long long long avèl

Klike la a pouw jwenn FLOWBLADE ni pou sèvi.

 

7-Avidemux

Non ou pafè fot, janw di an se konsa menm li rele AVIDEMUX, li menm li

Fe tout travay yo byen fasil tankou se timoun ki tan sèvi avèl

  • Ou pap gen problem menm si laptop ou la
  • Ou ap ka modifye videyo yo menm siw pa trò bon
  • Li ka edew travay ak li menm ankò
  • Li ka sipòte nenpòt kalite videyo

Siwa p sèvi avèl ou chanse anpil paske li vreman enstriktif, klike la AVIDEMUX siw vlel

 

8-PITIVI,

  • Pandan wap travay videyo a ou ka tou mete li LIVE sou rezo sosyal
  • Ou ka modifye nenpot, lem di nenpot la, wiiii nenpòt kalite videyo avèl
  • Li chaje animasyon
  • Ou ap verifye san traka travay ou pandanw sou li a

Telechaje PITIVI

 

9-BLENDER

Se preferem, mpap menm pale trop pou li, siw geyenl ou ka prepare videyo foma

  • VFX
  • 3D pou siw ta ap anseye jeografi
  • 2D
  • Li gen animasyon wap ka manipile janw vle
  • Jouw ta vle anseye a distans se pi bon zouti kap zanmiw, klike sou BLENDER pou pranl

 

10-NATRON

 

Siw ta gen proje travay nan konstriksyon, travay ak timoun oubyen lage nan fe ti komik se aplikasyon sa a menm ou tap chèche a

  • Li jere detay nan videyo yo
  • Li gen kapasite repwodwi desan an janw vle la epi anime li
  • Ou ka fe tikomik avèl
  • Ou pap gen problèm pouw aprann ni

Klike sou NATRON pou telechaje li

 

Atik sa a ka toujou modifye pou chanje nan enfomasyon yo

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans Intégration des TICE
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …