Accueil TIC à l’école Intégration des TICE Kisa yon anseyan ka fè ak TWITTER nan klas li ?

Kisa yon anseyan ka fè ak TWITTER nan klas li ?

17 minutes de lecture

Nan koze rezo sosyal nou manke edike, dayè se kèk grenn fakilte ki bay yon kou sou kijan pou edike moun kap anseye nan koze edikasyon sou medya yo.  Medya se youn nan pi gro zouti ki egziste nan mond lan. Se pou sa avan menm yon moun antre nan klas al anseye li ta dwe swiv bon fomasyon solid sou sa son rele ” Éducation aux médias et à l’information” 

Isit an Ayiti nan lane 2010 anpil legliz te konn fè moun mete telefòn atè pou yo prye sou li paske selon pastè sa yo se bagay kite soti nan mond envizib oubyen anba lanmè menm si telefon ak dlo pa danse kole. Jodi a nan lane 2020 gen pastè ki pap menm komanse sèvis lapryè a si yo pa LIVE, bon genyen ki mnem rive fè lakòlèt sou fesbouk ak lot platfom menm si se pa tout moun kap rete nan live la nan moman lakolèt la pou yo pa bay anyen !

Jodi a maladi kowona fè nou oblije repanse kijan lekòl ta dwe fèt, kijan yon moun ta dwe anseye se pou sa gen anpil efò ki fèt kote ekip UTICE la nan MENFP a rive fè yon platfòm  ki rele PRATIC  pou timoun lekòl an Ayiti te ka etidye lakay yo !

Nan itilize rezo sosyal men kijan yon profesè ka itilize twitè (TWITTER) nan fason li anseye.

  • Yon anseyan ka itilize twitè pou li anseye òtograf, menm gen yon aplikasyon TWICTEES ki fet pou sa, nan ka sa a anseyan ap jis twit 140 karaktè selon vèsyon li genyen an konsa timoun yo pap oblije twò chaje. Yon lot bagay ankò chak timoun ap ka reponn sou twitè, yap ka twit epi sak pi bèl la tou youn ap ka ede lòt nan otokoreksyon yo ta gen pou yo fè.

 

  • Anseyan an ka twit poul bay devwa konsa tout para nap menm ka gade kisa pitit yo gen pou yo fè, pyes moun pap ka di y opa gen devwa ni bay fo devwa

 

  • Pou angaje elèv yo nan deba swa sosyal, politik oubyen kiltirèl, anseyan an ka itilize twitè konsa lap konnen kiyès ki patisipe ak kiyès ki pa patisipe sa ap edel tou mete ansanm tout lide timoun yo, nan konsa lòt Lekòl ka itilize yo

 

  • Anseyan ka itilize twitè poul fè suivi kou yo epi konplete yon seyans li te kòmanse (pa egzanp li tap pale sou erozyon li te ka voye nouvo lyen li jwenn, lot imaj ak videyo pou timoun yo

 

  • Pa egzanp isit se yon peyi ki toutjou cho, olye pou timoun yo ta ap pran move nouvèl jounalis pa trò byen enfome, li tap pi bon pou anseyan twit yon nouvèl li ta panse ki nesesè pou tout timoun yo

 

  • Timoun yo teka itilize twitè pou yo di kisa yo panse apre yon lòt kamarad yo te fè yon prezantasyon

 

  • Twitè te ka sèvi tou pou felisite timoun yo ak ankouraje yo, sitou nan peryòd egzamen timoun yo pwal plede doute de sa yo te aprann

 

  • Twitè se yon bon espas pou anseyan an ta komanse itilize pedagoji envèse, li teka voye yon lyen bay timoun yo epi mande yo chèche yon videyo ki koresponn ak leson li te fè nan klas la

 

  • Pou moun ki anseye kou dramatik yo, li tap bon si anseyan sa a ta mande timoun yo kòmante yon pyès kite jwe nan klas la men fòk nan twit la yo jwe wòl yon pèsonaj kite nan sa yo te etidye nan klas la

 

  • Lè egzamen pwal rive anseyan an ka twit yon seri kesyon pou ankouraje timoun yo etidye kèk pwen kle ke li ka poze kesyon sou yo, nan konsa lè timoun nan vin pase tès la chòt li pap bezwen koke

 

  • Anseyan an ka itilize twitè pou ankouraje timoun yo li plis, li ka chwazi istwa a epi mande yo konplete li ak bout tèks pa yo oubyen li ka mande yo kòmante nan 3 twit diferan 3 liv yo te li pandan konfinman an

 

  • Se tap yon bon mwayen tou pou tout timoun yo ta komanse twit youn dèyè lòt pou yo rakonte yon istwa ansanm, si istwa a bèl paran yo te ka kontribye pou yo soti yon liv  pitit yo ak kamarad yo ekri

 

  • Chak anseyan teka kreye fil aktyalite pal konsa chak elèv tap jis swiv chak anseyan selon matyè li anseye

 

  • Avan menm ke kou a komanse anseyan teka bay sijè a epi mande tout moun twit sa yo panse konsa tout moun tap prepare epi deja kòmanse reflechi sou sijè a nan fason lajman laj

 

  • Tankou la lè gen jounen pedagojik ak jounen ekstraeskolè chak timoun ka gen kòm devwa pou yo twit 5 kalite foto diferan ak yon ti bout tèx sou kote yo te ale a, nan fen ane lekòl la ka menm deside pran imaj sa yo kreye yon albòm oubyne vann imaj sa yo pou kreye yon pi bèl sal enfòmatik nan lekòl la

 

  • Pou anseyan nouvo segondè yo menm yo ka mande timoun nan kreye yon sondaj sou twitè mande fanmi li ak zanmi li patisipe sa tap ede yo pi byen aprann pou kont yo kisa ki estatistik epi pi byen metrize li nan sans pratik

 

  • Twitè tap ka ede timoun yo vini pi bon sitwayen epi devlope anpati lakay yo, anseyan an te ka mande yo ekri yon ti fraz pou yon zanmi oubyen yon moun ki ta rive tonbe anba yon malè oubyen yon lòt lekòl ki ta genyen yon problèm. Nan kad katastròf natirel sa tape de yo senpatize pi byen youn ak lòt

 

  • Pou ankouraje elèv yo sosyalman li teka mande yo tag Minis edikasyon an oubyen biwo li pou di kisa yo ta renmen pitit yo jwenn lekòl ke yo pa jwenn yo menm. Oubyen yo teka tag prezidan repiblik pou di kijan yo enkyè pou koze sekirite nan peyi a

 

  • Nan yon twit timoun yo teka tag yon atis lokal  tankou BIC oubyen BELO pa egzanp epi di ki mizik li yo renmen epi pou kisa, chak timoun te ka menm mande atis yo chwazi a vin vizite lekòl la pou pale de karyè li ak lòt pasyon li genyen

 

  • Pandan anseyan an ap esplike yon leson lite ka poze yon kesyon sou twitè epi li rekonpanse timoun ki twit repons lan pi rapid la

 

  • Anseyan teka mande pou chak timoun tag lekòl yon manm nan fanmi li pou ankouraje lòt anseyan itilize twitè tou nan ansèyman yo

 

  • Anseyan teka menm itilize twitè poul di chak timoun fè yon twit mande Alamy poukisa li angaje konsa nan batay pou entegre teknoloji nan klas epi demokratize edikasyon an Ayiti.
  • Timoun yo teka menm kreye yon kominote sou twitè ak paran yo konsa yo tap kenbe tout paran enfòme sou kijan yap byen itilize teknoloji a pou yo aprann

Atik sa a ka modifye nenpòt kilè pou mizajou

_____________

twitter/omniscientinfo.com

Credit Photo: Pexel

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans Intégration des TICE
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …