Accueil TIC à l’école Kisa yon referan nimerik ye nan domènn edikasyon ?

Kisa yon referan nimerik ye nan domènn edikasyon ?

15 minutes de lecture

Daprè rezilta yon ankèt Direksyon Planifikasyon ak koperasyon ekstèn (DPCPE) te reyalize nan lane 2016 pou Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyoneèl (MENFP), li rive jwenn genyen 19.505 lekòl antou (prive ak leta), nan kantite lekòl sa yo leta gen yen 2.819 lekol ladan yo.

Pou yon lekòl rive byen fonksyone se tout yon ekip ki pou Mobilize pou  jerel; tankou fòk li gen direktè pedagojik, yon administratè eskolè, yon bibliyotekè, yon sikològ eskolè, yon enfimyè eskolè pou premye swen yon ak kèk lòt konpetans solid tankou dosimològ pou kesyon preparasyon  egzamen / evalyasyon epi didaktisyen pou ede anseyan ak  elèv  yo respekte kontra didaktik  la.

Depi entènèt la demokratize a,  teknològ nan edikasyon yo konseye pou tout lekòl gen sa yo rele : yon referan nimerik (Responsab nimerik ak nan teknolojiedikasyon) pou regle (kontwole , planifye ) tout koze ki  gen rapò ak nimerik (teknoloji) epi rann bagay yo pi  disponib ,adapte ak reyalite lekol la pou rann anseyman pi fasil , disponib  pou aprantisaj  elev yo ak  kondisyon fòmasyon, echanj , swivi, akonpayman  anseyan yo ak  moun kap jere administrasyon lekòl la.

Tan an ak Lekòl la ap chanje

Nou pap ka viv menm jan kòm avan , lekòl tou. Yon lekòl  pap ka byen fè viraj  (nan nimerik) la si li pa gen yon referan nimerik ki ap ede li, gide li epi trase chimen an.

Men ki kalite konpetans

pou yon moun  vin referan nimerik, men ki kalite konpetans kle pou li genyen:

Li ap ede, li ap konseye reponsab yo, espesyalman responsab pedagojik la sou sa ki gen awè ak devlopman ak itilizasyon nimerik nan pedagoji ak administrasyon nan lekòl  la;

Anndan ekip la se li menm ki monte kap ankouraje , soutni, ede ak devlope tout sa ki gen awè  ak  bagay   teknolojik  yap bezwen nan pwosesis ansèyman ak aprantisaj la, se li menm tou ki responsab sou kijan lekòl  la ap travay pou kreye sitwayen nimerik pou moman an  ak pou  Lavni (yon mond responsab), se li ki reflechi sou kijan (fòmasyon) pou chak anseyan abòde kou yo,  tankou itilizasyon rezo sosyal, fe diferans ant move  ak bon nouvèl, Aselman (vye jès seksyel, vyolans) ak kèk lòt ankò. Referan nimerik la tou pran swen pou li ede lekòl  la jwenn bon materyèl pou li itilize tankou odinatè pou anseyan, bon entènèt, videyo-pwojektè ki pi bon pou anseye nan klas la;

Referan nimerik la responsab  mizajou (pase men korije ak mete nouvp bagy …) ak fòmasyon pou anseyan yo epi li responsab pou òganize  atelye refleksyon pou timoun yo tou ;

  • Li se yon pon ant tout nouvèl teknoloji ak pedagoji pou lekòl la ;
  • Li sèvi pon ant teknisyen (Enfòmatisyen) yo pou rezoud nenpòt  pwoblèm kita genyen nan materyèl  teknoloji nan lekòl la ;
  • Jere devlopman aplikasyon elèv ak anseyan yo ta bezwen pou yo ka travay pi byen pi fasil
  • sipèvize jesyon bank/jaden enfomasyon(achiv nimerik) kote yo gade tout enfòmasyon lekòl la, epi  chache pou lekòl la lòt konpetans  ak resous nimerik li pa genyen
  • Yon referan nimerik bezwen gen konesans ak konpetans :
  • Metrize fonksyonman sit ak platfòm pou lekòl yo ka kontinye travay a distans
  • Metrize tout baz algorit( dives manye yo kreye on sit entenet ) ak devlopman backend
  • Chèche, modifye, adapte logisyel open sous pou ede lekòl la
  • Metrize pou pi piti aplikasyon sa yo: Google apps – Framasoft – Highrise – Saleforce – Basecamp – Trelo – Genialy – Open Sankore, eks…
  • Metrize kèk aplikasyon gesyon pwojè tamkou
  • Kreye osnon fè kreye yon mwayen  pou  moun nan lekòl la chanje lide ant yo.
  • Mete yon kanpay piblisite sou rezo sosyal yo tankou: google ads – facebook ads –
  • Jere tout sa ki genyen sou tout platfom ki konekte ak lekòl la tankou: antre soti , ajoute , retire ak pibliye tankou korije , elatriye
  • Kreye evnèman an liy pou lekòl la
  • Kapasite analize vit epi pran gwo desizyon ki gen ris
  • Motive poul toujou aprann nouvo bagay chak segond
  • Ka pale ak anpil moun epi konvenk yo
  • Kapasite pou li adapte l’ ak tout metòd
  • Gen yon bon nivo nan sekirite (sou entenet)
  • Ka kreye, epi monte kèk ti videyo sou telefòn ni

Jan nou te di nan komansman atik la yon referan nimerik se yon moun ki gen bon konpetans nan Teknoloji Enfomasyon Kominikasyon ak Edikasyon (TEKE nan lang  franse TICE), se yon profesyonèl ki travay direkteman ak chak aktè anndan lekòl la pou tout sa ki gen awè ak kesyon itilize teknoloji nan pedagoji pou moun ka anseye ak aprann mye e byen ; yon referan nimerik jwe wòl tou konseye pedagojik ak  nimerik, se yon moun ki gen anpil kapasite, bon sans lidèchip/ chef okès  ki ka travay ak plizyè lekòl an menm tan epi ede yo atenn objektif pedagojik yo. se yon veritab animatè pedagojik.

Nou ka konprann kounya yon referan nimerik se yon moun ki byen fòme ki gen bon konpetans nan itilize zouti nimerik pou li ka fasilite anseyan yo fè travay yo epi fè ede nou pase kap move moman sosyal ak ekonomik epi politik moman  an san pwoblèm sitou viraj teknolojik la nan mond nimerik aktyel la kote tout bagy pap janm menm jan anko nan monn nan. Nan peyi dAyiti konbyen lekòl ki gen teknisyen TICE sa a  ….?

Nap raple ou !!!!

lis la pa konple men nou ba ou on lide sou lesansyel nan konpetans, responsablite moun sa a kom pwofesyonel ak travay li gen pou li fe sitou relasyon l ak res ekipla nan lekol la.

Yon referan nimerik se yon etenèl elèv, yon  chèhè tou , konesans liak eksperyans li  ap pi plis chak jou, se pou sa atik sa a ka modifye nenpot kilè pou adaptasyon .

_______

Crédit Photo: Pexel

Author

  • OmniScient Info

    OmniScient Info, est un média en ligne spécialisé dans l'Education et la Formation diffusant les actualités du monde l’éducation, de l’enseignement, de la recherche et de la culture en Haïti. OmniScient Info est destiné à tous les #acteurs de l’#éducation et de la #formation – aux #étudiants (tes), aux #enseignants (tes), aux #chercheurs, aux #directeurs (trices) d’#écoles, aux #parents et/ou toute autre personne ayant un intérêt ds le domaine l’Éducation en général. OminiScient Info | Le média de l'Education | #InfoUtile #InfoCommentée

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par OmniScient Info
Voir plus d'articles dans TIC à l’école
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

Et si nous libérons l’évaluation de la prison scolaire en Haïti…  

Extrait commenté du livre : Administrer les écoles Privées en Milieu Rural : Théories et A…