Accueil DOSSIER Parole libre Montre se yonn, aprann se yon lòt

Montre se yonn, aprann se yon lòt

6 minutes de lecture

Par : Jean Berthony BLANTRISSE

Yonn nan premye konpetans yon  pwofesè fèt pou li  devlope  se etabli diferans ki genyen ant ansèyman ak aprantisaj. Lè nou anseye, se nou menm ki devan kap mennen dans la, sa vle di sa kap pase nan klas la. Nou vin tounen aktè prensipal. Nou di, nou fè. Nou fè fè, nou eksplike sa nou  jwenn. Nou moutre. nou demoutre. Men gwo kesyon an se :  eske elèv yo aprann ?

Aprann, se chache konprann, se obsève,  analize.  Analize,  Se aktivite kote elèv la se li k’ap mennen jwèt la, se li ki aktè prensipal sou teren an. Diferans ant moutre ak aprann ap pemèt nou mete nou nan plas elèv la. Kijan entèl fè aprann pwèzi a pa kè?  Nou pa kapab aprann nan  plas elèv la men nou ka fasilite jan li aprann.

Ansèyman tradisyonèl  la chita anpil sou kesyon wè pwogram, kouvri kesyon egzamen san anseyan an pa mande tèt li si elèv la enterese, si l konprann on bagay nan  sa li kouvri nan pwogram yo.

__

Jean Berthony Blantrisse

Professeur français -créole, Pédagogie générale

Diplômé de CFEF | Initiateur du projet CAPCAP-CEFEFIEN

Mail : blantrisse78@gmail.com

Author

  • OmniScient Info

    OmniScient Info, est un média en ligne spécialisé dans l'Education et la Formation diffusant les actualités du monde l’éducation, de l’enseignement, de la recherche et de la culture en Haïti. OmniScient Info est destiné à tous les #acteurs de l’#éducation et de la #formation – aux #étudiants (tes), aux #enseignants (tes), aux #chercheurs, aux #directeurs (trices) d’#écoles, aux #parents et/ou toute autre personne ayant un intérêt ds le domaine l’Éducation en général. OminiScient Info | Le média de l'Education | #InfoUtile #InfoCommentée

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par OmniScient Info
Voir plus d'articles dans Parole libre
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

Et si nous libérons l’évaluation de la prison scolaire en Haïti…  

Extrait commenté du livre : Administrer les écoles Privées en Milieu Rural : Théories et A…