Accueil TIC à l’école Intégration des TICE 7 karakteristik yon videyo pedagojik dwe genyen

7 karakteristik yon videyo pedagojik dwe genyen

13 minutes de lecture

___

Nan mwa sektanm 2019, twoub sosyopolitik nan peyi dayiti lakòz yon bon pati nan lekòl fèmen pòt yo. Kidonk lekòl yo paka travay. Fenomèn sa rele « « peyi lòk ». Li te rive afekte 8 depatman sou 10 selon kèk rapò. Men nan mwa mas 2020, lekòl yo ta pral fèmen ankò akòz pandemi mondyal Coronaris la (Covid-19). Se konsa, pou ede elèv kontinye rete konekte ak lekòl, ministè ledikastion (MENFP) te oblije mete sou pye prese prese kèk program eskolè ak zouti nan sans sa.

Nan ijans pou kontinye anseye,  kèk pwofesè te kouri kreye kèk gwoup whastapp, kèk lòt te kòmanse itilize aplikasyon Google yo men touswit apre yon bon pati nan Lekol yo, te komanse itilize ZOOM. Tout aplikasyon sa yo  ka itilize sou telefòn, tablet ak òdinatè san pwòblèm. Nan pale ak yon pwofesè nan Komin Bèlans, ki di nou li te filme tèt li ak telefon li, epi itilize bristòl nan plas tablo.

Nan yon atik yon chèchez ki rele Sarah Dark te enterese ak kèk karakteristik ki rann yon videyo gen valè pedagogik sitou pou timoun yo (aprenan yo).

Apre travay sila li te chita ak yon gwoup etidyan pou li te mande yo kisa yo panse de chak videyo? kisa yo renmen? kisa yo pa renmen ?

Men lis ki karakteristik li te jwenn ki pi enpòtan

  1. Yon videyo sou fòma konvèsasyon

Yon videyo sou fòma konvèsasyon rapwoche epi kreye yon bon relasyon ak anseyan epi aprenan yo, anpil fwa timoun yo plis renmen lè kou a sanble ak fason yo viv, ak bon ti sans imou fè yo ri epi fè yo reaji san yo pa fatige ak mèt la, epi nan konsa yo konn menm rive apresye pwofesè ki travay konsa.

  1. Yon videyo ki gen narasyon

Aprenan yo pa trò renmen kou ki fèt ak videyo sèlman paske anpil fwa li bay dòmi nan je, pa egzanp si ou prezante yo yon solisyon san ou pa montre yo ki wout ou pase pouw jwenn solisyon sila,  mwen garanti w yo pap ni konprann anyen ni renmen leson ou prezante a, epi leson an li menm pap atènn objektif li, aprenan yo renmen lè anseyan an byen montre konsèp yo epi senplifye rezonman li pou ede tout moun konprann pi byen, sa ape de timoun yo konekte sa yo konnen déjà epi valide sa yo konprann nan.

  1. Fòk videyo a aksesib

Timoun jodi a fèt nan teknoloji, yap viv nan teknoloji ak teknoloji, li enpòtan pou kote wap mete videyo pou yo ka jwenn li, jan wap aranjel la pou yo jwenn ni pi fasil. Dayè se youn nan rezon kifè se videyo sou youtube yo plis renmen gade key on platfòm ki fèt a MOODLE, pa egzanp. Dayè youn nan bon mwayen pou kibe yo motive se rasirew video a pap kole, li disponib, se pou sa si klas ou se an lign lap travay rasirew vites entènèt timoun yo adekwa (bòn chans ak NATCOM epi DIGICEL)

  1. fòk videyo a toujou disponib

Youn nan pi bon kote anseyman asenkrom se jwenn kou yo lè lidew diw, lè santiw kapab la ak janw kapab la. Nan sans sa a aprenan ka gade yon pati nan videyo kantite fwa yo vle, jan yo vle, epi chak fwa sa nesesè. Selon chèchez la 90% nan patisipan li yo te toujou itilize mwayen sa a pou yo rezoud yon problèm.

  1. Fòk leson an senp epi klè

Aprenan pa renmen lè yo oblije kase tèt yo nan chèch lè pou yo jwenn yon ti enfòmasyon byen senp. Se pou sa ti kapsil videyo y opa dwe gen plizyè objektif, plizye kontni an menm tan, sitou fòk anseyan an pran pran plizyè sijè an menm tan. Si videyo a long fòk li gen yon minitaj konsa sa ap fè apranan an wè kile lap fini san li pa dekouraje epi lap ka retounen li kantite fwa li vle.

  1. Fòk gen lyen tou nan videyo

Pa gen okenn moun kap pèdi tan etidye poul al konpoze si li pa panse sa li ap etidye a gen rapò ak egzamen li pwal pase a, san sa videyo anseyan an te prepare an pap gen okenn vrè valè nan je apran an

  1. Fòk videyo a pa trò long

Yon etid nan Barnard College of New York, te rive jwenn yon bon videyo pedagogik pa dwe depase 4 minit, pa blye etid sa a yo te fèt sou etidyan ki nan inivèsite se yon rezon pou yo ta panse siw ap fè videyo pou timoun nan primè oubyen segondè.

Nan konklizyon nap konprann pou nou pale de yon videyo pedagogik li enpòtan pou li gen yon bon nivo son, ak kèk lòt valè teknik ankò ki enpòtan paske anpil fwa se sou yon ti aparèy mobil etidyan yo gade videyo a.

_____________

Sources :

Crédit Photo:

 

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans Intégration des TICE
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …