Accueil ACTUALITÉS Eske ansèyman prezansyèl la pa pi efikas pase ensèyman a distans la?

Eske ansèyman prezansyèl la pa pi efikas pase ensèyman a distans la?

21 minutes de lecture

Nan yon fòmasyon mwen t ap fè pou kèk paran etranje melanje ak ayisyen sou sekirite enfòmatik, sitou kijan pou yo sekirize materyèl tankou tablèt laptòp pitit yo ap etidye, gen kèk ladan yo ki te pwofite mande mwen, ant etidye nan klas ak etidye a distans kisa ki pi bon.

Kesyon an te frape mwen, sitou kèk nan paran yo te pare pou tande sa mwen te gen pou m di, men kijan mwen te reponn paran yo:

Aprann a distans se youn nan pi bèl pratik ki te ka egziste nan pwosesis anseyman ak aprantisaj la. Kou a distans yo, premye objetif yo se mete konesans lan pi pre aprenan an oubyen elèv la, mete li disponib nan distans espasyal ak tanporèl, sa vle di nenpòt kote moun nan ye, nenpòt lè li vle l ap ka etidye san okenn pwoblèm epi l ap ka swiv ak reswiv kou a kantite fwa li vle. Pafwa lòt pwoblèm ankò seke li ka rezoud pwoblèm teknoloji moun nan ka kontre, pwoblèm sikoloji sosyal ak sosyoekonomik.  Jodi a, ak yon pay monnen moun aprann sa ou vle.

Pou m ka klè tou, nan sans sa a anpil moun panse se pandan kowona kou ak anseyman a distans egziste, sa a se manti, dayè anseyman a distans egziste anvan menm yo te kreye entènèt, kounya entènèt la vin fasilite bagay yo, li rann moun jwenn plis kontni ki disponib. Sa ki pi enteresan, ou ka swiv yon seri kou a distans san ou pa janm deplase yon fwa menm ale nan yon lekòl sou plas.  Mwen menm pa egzanp mwen isit an Ayiti epi mwen jwenn yon bous pou m etidye Python (yon lojisyèl kodaj enfòmatik) nan yon fakilte jous Kanada, se sa referan nimerik yo rele yon klas kou asenkwon, yon lòt bò ou ka swiv yon pati nan klas la a distans epi ale fè pratik oubyen pase tès nan lekòl la, se sa yo rele klas ibrid oubyen miks la.

Fè oubyen swiv yon kou a distans mande pou pran an kont defi ki gen rapò ak otonomi aprenan oubyen elèv la. Se pou sa, yon kou a distans ki respekte prensip minimal yo, li dwe rezoud 4 pwoblèm pou kòmanse. Menm si ka toujou gen lòt pwen ki ajoute, si 4 sa yo pa rezoud, se ap lave men siye atè :

Pwoblèm otonomi patisipan an: pou yon moun pran kou a distans sa mande l yon ti kras otonomi. Se pou sa li enpòtan pou anseyan an byen gade koze otonomi an. Lè mwen di otonomi, mwen pale tou nan sans koyitif, ak sou plan sosyoafektif, se sèl fason ou ap ka pare pou yon seri pwoblèm epi gras ak sa anseyan an ap ka mete anpil resous disponib pou ede patispan an byen pran kou an san twòp pwoblèm.

Pwoblèm pedagoji eksplisit: pou yon elèv ka byen pran sans senaryo pedagojik yo, li ijan pou anseyan pran bon dispozisyon pou li byen fòmile sa li vle elèv la aprann nan, epi mete aksan tou sou demach ki dwe swiv pou aprenan byen kapte bagay yo san li pa chaje tèt li epi kite ase espas pou li ka mete tout sa li aprann yo nan kontèks anviwònman l ap viv la selon pwòp enterè li, bezwen l ak objektif li. Dayè, se youn nan gwo pwoblèm sistèm edikatif ayisyen an genyen, sa ki ap anseye nan sal klas yo pa toujou pran an kont enterè, bezwen ak objektif aprantisaj elèv yo, konsa modèl timoun yo ilize pou filtre sa yo vle aprann nan ale nan sans kontrè sa yo vle anseye yo.

Pwoblèm kolaborasyon: kou a distans mande pou mobilize anpil anpil konpetans pou li rive ateri sou elèv yo, menmsi se yon sèl pwofesè ki ap fè kou a, kolabore ak lòt anseyan se youn nan pi bon bagay ki ka rive li, paske sa ap ede l jwenn plis ekspètiz pou rive byen fè kou li a, paske yon bon kou a distans mande kèk konpetans espesifik sèl yon referan nimerik genyen.

– Dènye sa nou rele pwoblèm enpòtan an se rive medyatize kou a :  jodi a si ou pale de kou a distans premye sa ki moute nan tèt tout moun se entènèt, se medya, se pou sa medyatize kou a se yon gwo eleman paske li mande resous ak mwayen pou sa fèt.

Se pou sa pou yon lekòl antre nan koze anseyman a distans fòk li gen yon referan nimerik ki ka ede li rezoud 4 pwoblèm sa yo san grate tèt.

n mwen t ap fe pou kek paran etranje melanje ak Ayisyen sou sekirite, sitou kijan pou yo sekirize materyèl tankou tablèt laptòp pitit yo ap etidye, gen kèk ladan yo kite profite mande mwen, ant etidye nan klas ak etidye a distans kisa ki pi bon.

Kesyon an te frape mwen, sitou kèk nan paran yo te pare pou tande kisa mwen te gen poum di, men kisa mwen te reponn paranyo.

Aprann a distans se youn nan pi bel pratik ki teka egziste nan prosesis anseyman ak aprantisaj la, kou a distans yo premye objetif yo se mete konesans lan pi pre aprenan an oubyen elev la, mete li disponib nan distans spasyal ak tanporel, sa vle di nenpot kote moun nan ye nenpot le li vle l ap ka etidye san okenn pwoblem epi lap ka swiv ak reswiv kou a kantite fwa li vle. Pafwa lot pwoblem anko seke li ka rezou pwoblem teknoloji moun nan ka kontre, pwoblem sikoloji sosyal ak sosyoekonomik, jodi ak yon pay monnen moun aprann sa ou vle.

Poum ka kle tou nan sans sa a anpil moun panse se pandan kowona kou ak anseyman a distans egziste, sa a se manti, daye anseyman a distans egziste anvan menm yo te kreye entenet, kounya entenet la vin fasilite bagay yo, li rann moun jwenn plis bagay ki disponib sa ki pi bel la ou ka swiv yon seri kou a distans san ou pa janm deplase yon fwa menm ale nan yon lekol souplas, daye mwen menm pa egzanp mwen isit an Ayiti epi mwen jwenn yon bous etudye Python nan yon fakilte jous kanada, sa yo se sa referan nimerik yo rele yon klas kou asenkwon, yon lot bo ou ka swiv yon pati nan klas la a distans epi ale fe pratik oubyen pase tes nan lekol la se sa yo rele klas ibrid oubyen miks la.

Pou yon kou a distans bon, li gen 4 pwoblem pou li rezoud, kapab toujou gen lot pwen ki ajoute men si 4 sa yo pa rezoud se ap lave men siye ate.

Fe oubyen swiv yon kou a distans mande pou pran an kont defi ki gen rapo ak otonomi apranan oubyen elev la.

– Pwoblem otonomi patisipan an, pou yon moun pran kou a distans sa mande yon tikras otonomi bo kote etidyan. Se pou sa li enpotan pou anseyan an gade ak bon je koze otonomi an, le mwen di otonomi mwen pale tou nan sans koyitif, ak sou plan sosyoafektif, se sel fason ou ap ka pare pou yon seri pwoblem epi gras ak sa anseyan an ap ka mete anpil resous disponib pou ede patispan an byen pran kou an san pwoblem.

– Pwoblèm pedagoji eksplisit, pou yon elèv ka byen pran sans senaryo pegadijik yo, li ijan pou anseyan pran bon dispozisyon pou li byen fomile sa li vle elev la aprann nan, epi mete aksan tou sou demach ki dwe swiv pou aprenan byen kapte bagay yo san li pa chaje tet elev la epi kite ase espas pou li ka mete tout sa li aprann yo nan konteks anviwonman lap viv la selon pwop entere li, bezwen li ak objektif li. Daye se youn nan gwo pwoblem sistem edikatif ayisyen an genyen, sa ki ap anseye nan sal klas yo pa toujou pran an kont entere, bezwen ak objektif aprantisaj elev yo, nan konsa model timoun yo ilize pou filtre sa yo vle aprann nan ale nan sans kontre sa yo vle anseye yo.

– Pwoblem kolaborasyon, Kou a distans mande pou mobilize anpil anpil konpetans pou li rive ateri sou elev yo, menm si se yon sel pwofese ki ap fe kou a, kolabore ak lot anseyan se youn nan pi bon bagay ki ka rive li, paske sa ap ede li jwenn li ekspetiz pou rive byen fe kou li a, paske yon bon kou a distans mande kek konpetans espesifik sel yon referan nimerik genyen.

– Denye sa nou rele pwoblem enpotan an se rive mediatize kou a, jodi a si ou pale de kou a distans premye sa ki moute nan tet tout moun se entenet, se medya, se pou sa medyatize kou a se yon gwo eleman paske li mande resous ak mwaye pou sa fet, se pou sa pou yon lekol antre nan koze anseyman a distans fok li gen yon referan nimerik ki ka ede li rezoud 4 pwoblem sa yo san grate tet.

______

Ecrit par : Alamy JEAN-PIERRE

Crédit Photo: Alamy JP

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans ACTUALITÉS
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …