Accueil GOUVERNANCE Mezi lekòl ou, mezi evalyasyon w

Mezi lekòl ou, mezi evalyasyon w

20 minutes de lecture

____

Par: Jerry Sant Fleur

____

Chak ane, leta ayisyen a travè MENFP[1], depanse anpil lajan pou òganize egzamen ofisyèl yo. Nesmy Manigat, nan yon atik li te pibliye nan jounal Le Nouvelliste jou ki te 7 septanm 2016 la te di, n ap site : « Nou depanse plis lajan pou n evalye elèv nou yo pase nou depanse pou fòmasyon yo pandan ane n ap evalye yo a[2] ». Li te bay kòm egzanp, nan lane 2014, 500 milyon goud te disponib pou egzamen ofisyèl yo. Bakaloreya te pran 75% nan lajan sa. Malgre tout lajan sa yo toujou depanse, sa pa anpeche nan òganizasyon egzamen bakaloreya, souvan gen ti pwoblèm. Men lane 2020 an se te yon lane espesyal, egzamen ki ta dwe fèt nan mwa jiyè vin fèt nan mwa oktòb. Peyi lòk te lakoz aktivite lekòl pa t fonksyone, sitou lekòl piblik yo. Vin jwenn pandemi kowonaviris la ki te gaye wonn nan nèt. Tout sitiyasyon sa yo lakòz jounen jodia gen plizyè gwoup elèv; yon gwoup ki, depi 2 mwa ap suiv kou pou ane akademik 2020-2021, yon gwoup ki sot konpoze  pou fini ane akademik 2019-2020 an, epi  k ap tann lekòl rebalanse pou yo 9 novanm 2020.

Nou tout ka remake sou tout rezo sosyal yo, anpil plenyen bò kote elèv k ap sibi eprèv bakaloreya yo. Jounen madi 20 oktòb la nan Okap, anpil elèv te pran lari pou di kalte evalyasyon y ap ba yo a difisil, li pa respekte pwogram nan. Se te menm sitiyasyon an tou jou ki te 22 oktòb la nan Tigwav. Sa pouse n chèche konnen; ki wòl yon egzamen ? Èske l posib vre, nan kenpòt sitiyasyon, pou yon evalyasyon depase nivo yon elèv ? Nou pral eseye reponn ti kesyon sa yo pandan n ap koumanse pa raple kisa ki yon evalyasyon.

Selon Jacques Nimier, evalye (yon elèv) se jije l selon yon seri atant nou te genyen de li[3]. Yon fason ki byen senp, evalyasyon an se yon mwayen pou verifye si timoun nan te byen konprann sa pwofesè a te aprann li nan klas la. Anpil otè dakò pou di gen 3 prensipal fòm evalyasyon. Nou ka site pa egzanp PETITJEAN Brigitte ki pale de evalyasyon dyagnostik (oubyen evalyasyon pwonostik), evalyasyon somativ, evalyasyon fòmativ[4]. Gen lòt fòm evalyasyon toujou, tankou otoevalyasyon, evalyasyon ipsatif, evalyasyon kriterye, evalyasyon nòmatif elatriye, nou pap defini tout jodia.

Anpil lekòl, piblik yo sitou, pa fè tout fòm evalyasyon sa yo pandan ane eskolè a, yo sitou mete aksan sou evalyasyon somativ la, sa vle di yo jije kisa elèv la aprann sou tout sa yo te anseye l yo, apre yo ba li di diplòm si li fè mwayèn. Gen kote yo rele fòm evalyasyon sa “evalyason sètifikatif”.

Gen plizyè rezon ki fè se sèl evalyasyon somativ la lekòl  yo plis fè sèlman ;

1-Timoun yo anpil nan klas yo. Nòmalman pa ta dwe gen plis pase 30 timoun nan yon klas. Nan lise yo, gen klas ki konn depase 100 timoun, sa ki pa pèmèt anseyan fè lòt fòm evalyasyon yo paske yo p ap gen ase tan.

2- Lekòl piblik yo anpil fwa pa gen materyèl pou evalye timoun yo souvan. Menm nan evalyasyon somativ la, anpil fwa se nan difikilte pou yon elèv jwenn yon dezyèm fèy si l ta gate premye yo te ba li a.

3- Anpil moun ki pat dwe nan klas kòm anseyan, 9 fwa sou 10 pa okouran de lòt fòm ak enpòtans lòt evalyasyon yo genyen nan pwosesis aprantisaj elèv yo. Selon dènye chif yon ansyen minis edikasyon te bay, 85% anseyan ki nan sistèm edikatif nou an pa gen kalifikasyon de baz pou l ta anseye[5]. Si n fouye plis, nou ka jwenn lòt rezon toujou, men n ap kanpe la.

Nòmalman, yon egzamen pa ka yon sipriz pou elèv la, paske, depi nan premye jou kou a koumanse a, anseyan an di elèv la, men ki objektif kou sa epi lè kou sa fini, men kisa li ta dwe konnen oubyen kapab fè kòm egzèsis. Kidonk, okenn fason, evalyasyon an pa ka depaman ak objektif ki te fikse lè kou a t ap koumanse a. Kontni ki te nan kou a dwe sèvi baz pou evalyasyon an.

Men nou pap fè tankou n pa konnen, anpil anseyan pa respekte prensip sa vre, souvan yo pa menm defini bay elèv la objektif kou a, lè sa, souvan, evalyasyon sa yo konn soti nenpòt ki jan. Konn menm gen anseyan ki itilize evalyasyon an kòm yon mwayen pou pini yon klas ki te konn ap bay ti pwoblèm nan kesyon disiplin. Sa a n ap dakò, li pa pwofesyonèl ditou. Ann tounen sou eskandal bakaloreya ane sa, elèv yo pran lari nan Okap pou di egzamen ki bay la pa soti nan pwogram ki te defini an. Nou te tande entèvansyon direktè ministè ledikasyon nasyonal la Dr Meniol Jeune sou radyo ki te di, (jan n te di sa pi wo a) ansanm objektif ki te gen nan pwogram espesyal ministè a te bay la, ansanm kontni ki te gen nan pwogram nan, evalyasyon ap soti ladan yo. Kounya ki kote pwoblèm nan ye ? Èske se anseyan yo ki pa t suiv pwogram espesyal la ? Èske se elèv yo ki pat prepare vre ? Oubyen èske ministè edikasyon nasyonal pa t prepare egzamen yo vre selon program a konpetans minimal li te soti a vre ? M pa gen repons yo kounya.

Jounen jodia, anpil kote nan mond lan, anpil zouti ak pratik evalyasyon reyalize yon fason pou yo fè yon analiz dyasnostik sou konpetans eskolè yo. Yo itilize rezilta evalysayon sa yo pou oryante osnon reoryante politik edikatif nasyonal yo epi, pèmèt pwofesè yo wè epi konprann erè timoun yo fè yo, pou pote solisyon apwopriye nan sans sa[6]. Nan peyi Kanada, nan 50 ane ki sot pase la yo, yo rann yo kont gen anpil chanjman ki fèt sou plan kiltirèl, solsyal, politik, ekonomik, ekolojik ak teknolojik. Sa lakòz yo te oblije egzamine epi repanse fason lekòl fèt lakay yo, sitou repanse fason yo evalye elèv lakay yo. Sistèm edikatif nou an se youn nan ra sistèm kote se sèl elèv yo yo evalye. Poutan evalyasyon dwe fèt tou pou anseyan yo, pou pwogram yo, pou sistèm nan an jeneral. Se youn nan mwayen pou yo ka wè feblès sistèm nan epi ranje sa k gen pou ranje. Se sèten gen bon jan refòm ki pou fèt nan sistèm edikatif nou an, koumanse pa bon jan fòmasyon pou anseyan yo, bon jan enfrastrikti tout kalte nan lekòl yo, bon jan kondisyon pou timoun yo aprann toutbon. Menmjan ak peyi Kanada, Ayiti gen anpil chanjman ki fèt nan 50 dènye ane ki sot pase yo la tou, peyizaj sosyete a chanje, lekòl la sipoze fèt lòt jan tou. Si lekòl la ap chanje, fason evalyasyon yo fèt isit la dwe chanje tou. N ap dakò avèk mwen, refòm sa yo dwe pran an konsiderasyon nouvo metòd ansèyman ki alamòd yo, sa vle di, metòd ki entegre nouvèl teknoloji yo nan ansèyman. Anpil etid montre efikasite metòd ansèyman ki entregre nouvèl teknoloji yo, kidonk nou pa ta dwe pase akote opòtinite refòm sa yo ofri nou. Gen kèk enstitisypn ki ofri sèvis sa yo deja ann Ayiti, yo kreye platfòm pou lekòl yo ka travay sou entènèt, fè fòmasyon pou anseyan, pwodui kontni pedagojik elatriye. LEKÒL KONEKTE se youn pami kèk grenn enstitisyon ki egziste nan peyi a ki bay kalte sèvis sa yo deja, kidonk pa ta dwe gen eskiz pou di refòm sa yo poko posib nan peyi a.

________

Par: Jerry Sant Fleur

stfleurjeff92@gmail.com

________

[1] Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl.

[2] Nesmy Manigat, «Haiti dépense plus pour évaluer ses élèves que pour les former», Le Nouvelliste, 7 septembre 2016

[3] Nimier J., Cette évaluation impossible et pourtant nécessaire, http://www.pedagopsy.eu/dossier_evaluation.htm

[4] Petitjean, Brigitte, Formes et fonctions des différents types d’évaluation. In : Pratiques : linguistique, littérature, didactique, n° 44, 1984, pp.5-20.

[5] L’education, cle du miracle dominicain, Le Nouvelliste, 11 aout 2020.

[6] Guimard, Philippe, l’évaluation des compétences scolaires, Nouvelle édition [online].  Rennes : Presses universitaires de Rennes, 2010. Consulté le 25 octobre 2020. http://books.openedition.org/pur/147>

Author

  • OmniScient Info

    OmniScient Info, est un média en ligne spécialisé dans l'Education et la Formation diffusant les actualités du monde l’éducation, de l’enseignement, de la recherche et de la culture en Haïti. OmniScient Info est destiné à tous les #acteurs de l’#éducation et de la #formation – aux #étudiants (tes), aux #enseignants (tes), aux #chercheurs, aux #directeurs (trices) d’#écoles, aux #parents et/ou toute autre personne ayant un intérêt ds le domaine l’Éducation en général. OminiScient Info | Le média de l'Education | #InfoUtile #InfoCommentée

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par OmniScient Info
Voir plus d'articles dans GOUVERNANCE
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

Et si nous libérons l’évaluation de la prison scolaire en Haïti…  

Extrait commenté du livre : Administrer les écoles Privées en Milieu Rural : Théories et A…