Accueil DOSSIER Parole libre MENFP, move paran

MENFP, move paran

8 minutes de lecture

Selon EMMUS IV, gen pou pi piti 56% Fi kretyen an Ayiti ak 45 % pou gason, men preske tout lekòl nan peyi a se lekòl kretyen oubyen se kretyen ki ap dirije ak anseye ladan yo, menm lekòl leta yo tou, paske nou gen yon leta kretyen se pou sa lè yon Ayisyen ap pale li fasil pouw tande li di leve timoun yo kòm sadwa, men majorite nan kretyen yo renmen itilize vèsè ki nan liv wa Salomon an ki se Pwovèb chapit 22 vèsè 6 “ Instruis l’enfant selon la voie qu’il doit suivre; Et quand il sera vieux, il ne s’en détournera pas.” menm si l ap pale kreyòl ak ou. Menm si Ayisyen an ap mennen move vi nan sans sosyal ak ekonomik paran sa yo renmen vini modèl pou pitit, dayè genyen ki ale pi lwen ki vle pitit yo depase yo nan tout bagay. Ann tounen nan tit atik la, nan tout bagay ki gen rapò ak edikasyon isit an Ayiti nou tout konnen se MENFP ki regile tout bagay, sa fè moralman li jwe wòl, manman, papa e menm gran paran menm, sa vle di se li ki pou ta mete lòd nan dezòd, Eben nan ka sa a se li menm tou ki ta dwe bon modèl pou pitit li (Lekòl yo).

Nan ane 2021 ou paka panse devlopman ak edikasyon san teknoloji, sitou pa rapò ak kantite nouvo travay ak lòt opòtinite teknoloji teknoloji kreye. Nou ka remake nan fich teknik Lekòl MENFP ( Ministè Edikasyon Nasyonal  ak fòmasyon pwofesyonèl) yo ou pa wè tras okenn espas ki rezève pou laboratwa, espas pou teknoloji poun di sa yo selman. Selon objektif MENFP ( Ministè Edikasyon Nasyonal  ak fòmasyon pwofesyonèl) lekòl ayisyen selon gid ofisyèl ministè a, la pou li fè nèg ak nègès ayisyen yo moun, moun konplè ak konpetitif nan peyi a ak nan mond lan, nan ka sa a MENFP ( Ministè Edikasyon Nasyonal  ak fòmasyon pwofesyonèl) yo rate misyon li, rèv ak objectif li, pa paske li pa gen mwayen pou sa men pito paske li se yon move paran ki pa menm konn konbyen pitit li genyen, anplis li pa menm ba yo tout menm mwayen pou yo reyisi lavi yo nan yon mond jodi a kote anpil metye ap disparèt.

 

Referans: FNE

Fiche teknik:

École Nationale Rivière salée

École Nationale Oreste

Referans biblik

Pwogram ofisyèl : GID

Author

  • Alamy Jean-Pierre

    Redaktè anchèf nan OmniScient Info, CEO Lekòl Konekte, Gourou TICE, Anseyan. Alamy fome nan domèn edikasyon, sikoloji konitiv ak teknoloji. Li patisipe ak devlope anpil pwojè edikatif ki gen rapò ak transfomasyon aprantisaj e jan timoun aprann. #TechnologieEducative, Prof2_0

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans Parole libre
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

NON Christophe Colomb n’a pas “Découvert” Haïti le 5 décembre1492

Deconstructing the Myth: Why Christopher Columbus Did Not “Discover” Haiti …