Accueil ACTUALITÉS Kominote Pratik – Community of Practice

Kominote Pratik – Community of Practice

13 minutes de lecture

Egzistans Kominote Pratik yo pa nouvo, men se nan silikon vale yo plis mete aksan sou li, akoz anpil itilizasyon teknoloji nan edikasyon jodi a, anpil kominote anseyan pataje konensans pratik yo sou yon sijè, dayè se sa Omniscienf fè chak jedi ak kominote li a.

Se Kominote Pratik (Community of Practice) oubyen KOP pou moun ki plis familye ak li.

Yon KOP se yon ansanm ki gen ladan moun ki gen menm sant enterè, pa egzanp kapab gen KOP pou medsen, jounalis, avoka e latrye. se gras ak kominote sa a manm KOP la ap ka kolabore, travay ansanm pou rezoud pwoblèm kominote yo ap konfronte. Solisyon yo ka planifye nan sans imedya, oubyen pou pi lontan.

Pandan tout tan kolaborasyon ak pataj sa yo chak manm komanse idantifye yo pa rapò ak kominote a epi devlope yon idantite pa rapò ak kominote  y ap evolye a, kominote sa a ka rive reyalize gwo bagay gras ak sipò epi kolaborasyon moun ki pi aktif yo. Gen yon gwo diferans ant yon gwoup ak yon kominote, pa egzanp kominote a ap grandi gras ak patisipasyon tout moun ki ladan yo epoutan gwoup la li menm li bezwen lidè pou dirije oubyen fè li grandi.

Nan yon kominote gen 3 bagay  w ap jwenn an komen, tout sa ki pataje nan kominote a touche tout manm yo, domèn konesans yo se menm bagay pou tout moun, epi se kote kominote a soti, sa vle di sijè ki makònnen moun yo ki kreye idantite li. Nan kominote a tout moun ka gen yon wòl selon konpetans yo, konsa tou selon bezwen li ka gen yon moun ki ap ede nan kwòdinasyon aktivite yo. Pandan setan tout manm yo ap bouske sijè ak bon modèl konvèsasyon pou ede kominote a grandi, pote plis solisyon yo bezwen selon domen etid yo, tematik yo tou ka evolye selon bezwen kominote, selon bezwen anviwonman imedya tout moun oubyen sa ki ap fè aktyaliste pou moman an.

Nan yon KOP pa gen erachi, tout konesans enpòtan, tout moun gen menm valè menm nivo, sa ka rive yon moun jwenn yon wòl sa rapò ak bezwen kominote a epi se tout manm yo tou ki ap dako kisa kominote a bezwen pou li grandi. Tout moun se ko-kreyatè anndan kominote a, yo ap veyikile bon val1e tou bay tout lòt manm yo, sa yo pataje yo se konensans yo genyen, yo ap eseye mete an komen youn ak lòt se pou sa yo toujou gen menm langaj ak menm estil nan esplikasyon yo.

Omniscient kreye premye KOP isit an Ayiti, KOP sila se sèlman nan domèn edikasyon, gen anpil sijè ki gentan diskite ak echaj ki fèt sou kèk nan gwoup ak rezo Omniscient yo. Ann KOP la gen anpil wòl ki defini, premye wòl la se manm yo, paske san manm yo KOP la ap san enpòtans, apresa se yon kòdonatè, pou kounya se Alamy Jean Pierre, youn nan redaktè ekip la ki jwe wòl sa a, li sitou ede nan jwenn sijè, epi li ede nan rive fè sijè sa a touche tout manm yo, epi apresa ou jwenn yo fasilitatè ki la pou plis ede nan fasilite transmisyon sijè kite chwazi a.

Epi gen kolaboratè yo tou ki enpòtan, paske yo ede nan fè afich ak jwenn lyen oubyen zouti kominote a ta bezwen.

KOP Omniscient

Kominote Pratik Omniscient se yon gwoup aktè anndan sistèm edikatif Ayisyen an, moun sa yo se sitou teknolog nan edikasyon, Teknopedagog, referan nimerik, pwofesè, anseyan, enstititè, direktè pegadogik, administratè, fòmatè ak plizye lòt bèl eleman nou pa site, men pifò ladan yo se chèchè ki ap travay anndan pou ede sistèm edikatif la.

Gras ak Kominote Pratik Omniscient tout pataje yon enterè komen, objektif nou se rankontre (an liy) chak jedi swa pandan plizyè mwa epi pale de yon sijè pou nou enfòme, kreye, echanje, ko ekri ak ko edite epi sa ki pi enpòtan se pataje refleksyon ak sijè sou travay nou selon konpetans nou chak oubyen selon sa ki gen rapò ak tèm nou te chwazi a. Sa ki pi enpòtan pou nou se valè nou pataje pandan sesyon yo, bon pratik, lanmou, byenveyans, respè, plezi aprann ak pataje sa nou konnen, men se sitou yon moman ki rich nan echanj ak bèl pataj.

Pou yon moun vini manm KOP Omniscient se jis entegre youn nan rezo oubyen gwoup nou fè sesyon nou yo, depi ou antre otomatikman ou vini manm, apresa selon konpetans ak jan ou aktif ou ap ka pataje nenpòt sijè ou metrize.

Selon nivo ak enterè ou pou yon tèm ou ka chanje wòl, ou ka vini kòdinatè pou sesyon an, fasilitatè oubyen tou kolaboratè. Pa blye premye objektif KOP omniscient an se pou tout moun alèz pou yo apran, pou yo entegre kominote a epi envesti yo pèsonelman oubyen pwofesyonèlman.

Pou lòt detay ak istorisite vizite sit COP Canada
Videyo : Klike la

Author

  • OmniScient Info

    OmniScient Info, est un média en ligne spécialisé dans l'Education et la Formation diffusant les actualités du monde l’éducation, de l’enseignement, de la recherche et de la culture en Haïti. OmniScient Info est destiné à tous les #acteurs de l’#éducation et de la #formation – aux #étudiants (tes), aux #enseignants (tes), aux #chercheurs, aux #directeurs (trices) d’#écoles, aux #parents et/ou toute autre personne ayant un intérêt ds le domaine l’Éducation en général. OminiScient Info | Le média de l'Education | #InfoUtile #InfoCommentée

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par OmniScient Info
Voir plus d'articles dans ACTUALITÉS
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

Et si nous libérons l’évaluation de la prison scolaire en Haïti…  

Extrait commenté du livre : Administrer les écoles Privées en Milieu Rural : Théories et A…