Accueil ACTUALITÉS Les inspecteurs de l’éducation nationale créent leur syndicat

Les inspecteurs de l’éducation nationale créent leur syndicat

10 minutes de lecture

____

SIENHA | Syndicat des Inspecteurs et Inspectrices de l’Education Nationale d’Haiti

 Not pou Laprès Jounen jedi 26 novanm 2020

SIENHA ap salye laprès…

Nou menm enspektè, enspektris k ap travay nan 10 Direksyon Depatmantal Edikasyon yo ( DDE) , ki jwe wòl sipèvizè ak ankadrè pedagojik , se nou menm ki fè swivi ak aplikasyon desizyon admistrativ MENFP yo bò kote lòt aktè Edikasyon yo sou teren.

Enspektris ak Enspektè nan 10 DDE ( MENFP ) se nou menm ki se motè egzamen ofisyèl Leta ( 9eAF ak Bakaloreya). Men , anpil fwa Direksyon teknik Nasyonal MENFP yo , ki okipe yo de Ansèyman ak fòmasyon tankou .. Direksyon Fondamental ,Segondè , Fòmasyon ak Egzamen pa travay ak enspektora a . Poutan Enspektè, Enspektris yo se aktè teknik ki sou teren ki gen fòmasyon, eksperyans ak konpetans nan tout domèn sa yo .

Nan lide pou n kontribye pi plis nan kalite edikasyon an Ayiti, sitou nan ranfòse enspeksyon eskolè ak fòmasyon, nou menm Enspektè, Enspektris k ap travay kòm enspektè Fondamental ak enspektè Segondè , nan 10 DDE yo ..deside reyini e nou kreye yon sendika Nasyonal ki rasanble Enspektè, Enspektris ansanm ak Prensipal e kowòdonatè k ap travay nan Fondamantal ak Senkondè nan Ministè Edikasyon Peyi Dayiti .

N ap raple pou opinion piblik nasyonal ak entènasyonal la yon sendika se Yon zouti legal e sosyal ke konstitisyon 1987 la ansanm ak anpil konvansyon, akò entènasyonal peyi Dayiti siyen ki otorize tout travayè , tout salarye mete tèt yo ansanm pou defann enterè pwofesyon ak travay yo . Sendika se Yon zouti administratif e kolektif ki fè pwomosyon pou demokrasi , transparans ak patisipasyon e ki dwe amelyore gouvènans Yon antrepriz ou yon enstitisyon piblik ou prive .
Nan sans sa a SIENHA ( Sendika Enspektè , Enspektris Edikasyon Nasyonal Peyi Dayiti ) angaje l nan goumen pou amelyore kalite Edikasyon peyi a pandan l ap fè pwomosyon pou lòt kalite lekòl.

Pou sa rive fèt , an atandan nou drese kaye doleyans ofisyèl SIENHA bay otorite Leta peyi Dayiti …nou gen 3 revandikasyon ijan nou mande otorite Leta yo adrese rapid rapid :

1) Nominasyon / regilarizasyon anpil kolèg ki jwenn pwomosyon e k ap travay kòm Enspektè, Enspektris depi plizyè ane avan tout konkou pou rekrite Nouvo enspektè , enspektris Fondamantal ak Senkondè

2) Korije prese prese griy salè kote Enspektè , prensipal, kowòdonatè ap touche Pitit kòb ke anseyan ki gen 3 chè lise ak 3èm sik Fondamantal ; Direktè, Direktris, Sansè Lise ak Lekòl Nasyonal ki otorize gen yon chè senp .. kategori sa yo ap touche pi plis ke tout enspektè enspektris , prensipal ak kowòdonatè ki gen pigwo responsabilite nan admistrasyon an ke yo ( Egzanp : Yon Anseyan ki gen 3 chè ap touche 54.000 goud , poutan yon enspektè 48.000 , Yon kowòdonatè 51.000 goud )

3) kreye Pibon kondisyon pou Enspektè , Enspektris yo fè travay enspeksyon ak ankadreman pedagojik nan mete a dispozisyon yo bonjan mwayen tankou ( Lokal, materyèl biwo ak mwayen deplasman )

SIENHA ap mande tout kamarad Enspektè, Enspektris , Kowòdonatè ak Prensipal nan 10 Depatman peyi an rete moblize paske nou se poumon sistèm edikatif peyi Dayiti .. SIENHA ap lanse yon apèl bay tout Sendika ak asosyasyon nan peyi Dayiti pou n kreye Yon mouvman sosyal pou lekòl ka vini proyorite #1 tout gouvènman An Ayiti ..

______

Pou Komite Egzekitif Nasyonal SIENHA :

  • Mibsam JEANNIS  | Sowodonatè Jeneral
  • Dieujuste THISMA | Sekretè Jeneral

26 Novanm 2020

Author

  • OmniScient Info

    OmniScient Info, est un média en ligne spécialisé dans l'Education et la Formation diffusant les actualités du monde l’éducation, de l’enseignement, de la recherche et de la culture en Haïti. OmniScient Info est destiné à tous les #acteurs de l’#éducation et de la #formation – aux #étudiants (tes), aux #enseignants (tes), aux #chercheurs, aux #directeurs (trices) d’#écoles, aux #parents et/ou toute autre personne ayant un intérêt ds le domaine l’Éducation en général. OminiScient Info | Le média de l'Education | #InfoUtile #InfoCommentée

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par OmniScient Info
Voir plus d'articles dans ACTUALITÉS
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

Et si nous libérons l’évaluation de la prison scolaire en Haïti…  

Extrait commenté du livre : Administrer les écoles Privées en Milieu Rural : Théories et A…