Accueil ACTUALITÉS FLA-UEH : Konferans sou entèlijans atifisyèl (IA) ak lang kreyòl yo

FLA-UEH : Konferans sou entèlijans atifisyèl (IA) ak lang kreyòl yo

5 minutes de lecture
[ FLA-UEH]

Onè ak respè pou Kolèg Bruny Mabien ak Ralphson Pierre


Nan kad selebrasyon Jou Entènasyonal Lang Manman, Fakilte Lengwistik Aplike (FLA), sou lobedyans Dekana fakilte a ( Wilhem Michel, Martineau Nelson , Jean Whig Noël),  te òganize yon gwo konferans samdi 21 fevriye 2026, a 10è nan maten. Aktivite a te fèt an liy, e li te rasanble etidyan, pwofesè, chèchè ak tout moun ki enterese nan kestyon lang ak teknoloji.

Konferans lan te mete aksan sou yon sijè ki trè aktyèl : enpak Entèlijans Atifisyèl sou lang kreyòl yo, ak yon atansyon espesyal sou Kreyòl Ayisyen.

De Kolèg yo, Bruny Mabien ak Ralphson Pierre, te pataje refleksyon solid sou :

  • defi ak opòtinite Entèlijans Atifisyèl pote pou devlopman lang kreyòl yo;
  • kestyon prezèvasyon, estandadizasyon ak vizibilite dijital Kreyòl Ayisyen;
  • nesesite pou inivèsite yo pran plas yo nan pwodiksyon konesans sou teknoloji ak lang.

Entèvansyon yo te souliye yon reyalite enpòtan : si lang kreyòl yo pa entegre nan dinamik teknolojik mondyal la, yo riske vin plis majinalize nan espas dijital la. Okontrè, si gen angajman syantifik ak enstitisyonèl, Entèlijans Atifisyèl kapab tounen yon zouti pwisans pou valorizasyon ak pwomosyon lang nou yo.

FLA remèsye konferansye yo pou angajman yo ak kontribisyon yo nan yon evènman ki gen anpil valè pou devlopman lang ak kilti nou. Inisyativ sa a montre ankò wòl santral inivèsite a nan reflechi sou kestyon ki lye ak avni lang ak teknolojik nan peyi a.

Konferans sa a pa sèlman yon rankont akademik ; li make yon etap enpòtan nan batay pou mete Kreyòl Ayisyen an nan kè inovasyon dijital mondyal la.

Men lyen pou w ka li atik sou sijè a : https://hal.science/hal-05203156v1/document __ Rédaction Omniscient Info

Discover more from Omniscient Info

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

Voir plus d'articles
Voir plus d'articles par Alamy Jean-Pierre
Voir plus d'articles dans ACTUALITÉS
Les commentaires sont fermés

Voir aussi

Le système éducatif haïtien, dépassé et sous pression

J’écris ces lignes depuis une salle de classe à Port-au-Prince, entre deux réunions pédago…